Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 2:23 - 1998 Haïtienne

23 Ki jan ou fè ka di ou nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen, ou pa janm kouri dèyè Baal yo? Gade tout vye makakri w'ap fè nan fon an! Rekonèt sa ou fè a non! Ou tankou yon jenn fenmèl chamo ki lage nan bwa, w'ap kouri adwat agòch.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

23 “Kòman ou ka di: ‘Mwen pa sal, Mwen pa t kouri dèyè Baal yo?’ Gade chemen ou nan vale a! Konnen byen sa ou te fè a! Ou se yon jenn femèl chamo byen rapid, k ap fè chemen l kote li pito.

参见章节 复制




Jeremi 2:23
24 交叉引用  

Pou jwif yo menm, se te yon gwo soulajman. Yo te kontan, yo t'ap fè fèt, se te yon bèl bagay pou yo.


(3) Li kwè li pi bon pase sa l ye a: konsa, li pa vle rekonèt peche l yo.


Nou fè tou sa, epi nou te vle pou m pe bouch mwen? Nou mete nan tèt nou se menm moun ak nou mwen ye? Men kounyeya, mwen pral fè nou pran men nou. Mwen pral mete tout bagay aklè devan je nou.


Moun k'ap kache peche p'ap janm wè zafè yo mache. Men, Bondye va gen pitye pou moun ki rekonèt peche yo, pou moun ki chanje lavi yo.


Gen yon ras moun ki konnen yo san defo. Epoutan, pi mal pase yo, nanpwen.


Men ki jan fanm k'ap twonpe mari yo fè: Lè yo fin fè sa y'ap fè a, yo benyen byen pwòp, epi yo di: Mwen pa fè anyen ki mal.


Men sa Senyè a di pèp la: — Wi, yo renmen al fè vakabon, yo pa ka ret anplas. M'pa kontan ak yo. M'ap chonje tout mal yo fè, m'ap pini yo pou tout peche yo fè.


Lè w'a di yo tou sa, y'a mande ou: Men, poukisa Senyè a pran desizyon pou li voye gwo malè sa a sou nou? Kisa nou fè ki mal? Ki krim nou fè ki pa fè Senyè a, Bondye nou an, plezi?


Gade jan w'ap avili tèt ou, lè w'ap kouri dèyè bondye lòt nasyon yo! W'ap pran wont nan men peyi Lejip menm jan sa te rive ou avèk peyi Lasiri.


Leve je nou, gade tèt mòn yo! Eske gen yonn ladan yo kote nou pat aji tankou yon fanm k'ap fè jennès? Nou rete chita sou tout bò chemen ap veye gason, tankou arab k'ap veye moun nan dezè a pou piye yo. Nou avili tout peyi a ak lenkondit nou ansanm ak mechanste nou yo.


Kilè n'a sispann drive deyò, bann wòklò! Mwen fè yon bagay tou nèf nan peyi a: Kounyeya se fanm k'ap linyen gason.


Nan fon Bennimon an, yo bati yon lotèl yo rele Tofèt pou yo ka boule pitit gason ak pitit fi yo nan dife sou li. Sa se bagay mwen pa te janm mande yo fè, bagay ki pa te janm moute nan lide mwen.


Yo fè tèt di pi rèd, yo rete ap sèvi zidòl Baal zansèt yo te fè yo konnen an.


Premye fwa Senyè a t'ap bay Oze mesaj pou pèp Izrayèl la, li di li konsa: — Leve non! Ale pran yon fanm jennès marye avè li. Timoun w'ap fè ak li yo ap gen menm san jennès la. Paske tout peyi a nèt vire do ban mwen. Yo pa kenbe pawòl yo ak mwen.


Men direktè lalwa a te vle bay tèt li rezon, li mande Jezi: — Ki moun ki pwochen mwen?


Nou konnen egzijans lalwa se pou moun ki anba lalwa. Konsa, pa gen eskiz ki pou sòti nan bouch pèsonn: tout moun antò devan Bondye.


跟着我们:

广告


广告