Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 2:22 - 1998 Haïtienne

22 Ou te mèt lave kò ou ak gwo savon, ou te mèt fwote kò ou ak potas, m'ap toujou wè kras malpwòpte ou yo sou ou. Se mwen menm Senyè a, Bondye a, ki di sa.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 Malgre se ak savon lesiv ou ta savonnen ak anpil savon, tach inikite ou rete devan M,” deklare Senyè BONDYE a.

参见章节 复制




Jeremi 2:22
12 交叉引用  

David di li: — Bon. Ou mèt rete pase rès jounen an isit la. Denmen m'a voye ou ale. Se konsa, Ouri rete lavil Jerizalèm pou de jou ankò.


Ou ta padonnen m peche m yo, ou ta mare yo tout fè yon pakèt voye jete.


Si ou t'ap make tout zak nou fè, Senyè, ki moun ki ta ka leve tèt devan ou?


Ou mete devan je ou tou sa nou fè ki mal, ou mete peche nou fè an kachèt yo aklè devan ou.


Je m louvri sou tou sa y'ap fè. Anyen pa kache pou mwen. Yo mèt kache kò yo jan yo vle, mwen wè tou sa yo fè ki mal.


Senyè a di: — Yo ekri peche moun Jida yo ak biren. Yo make yo nan kè nou ak pwent dyaman. Yo grave sou kat pwent lotèl nou yo,


Moun Jerizalèm, lave mechanste ki nan kè nou pou nou ka sove. Kilè n'a sispann fè move lide nan tèt nou?


Men sa Senyè sèl Mèt la di apre sa: — Madichon pou lavil ki renmen fè san koule a! Li tankou yon chòdyè wouye yo pa janm foubi. Wete tout moso vyann yo yonn apre lòt. Pa chwazi pou kite anyen ladan l.


Mwen make tou sa Efrayim fè ki mal sou papye. Mwen sere l byen lwen.


Senyè a fè sèman sou tèt li, li menm ki Bondye pèp Izrayèl la: Mwen p'ap janm bliye yonn nan move zak nou fè yo.


Senyè a konnen tou sa lènmi te fè pèp la. L'ap tann lè a rive pou l pini yo.


跟着我们:

广告


广告