Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 2:21 - 1998 Haïtienne

21 Mwen te plante ou pou yon pye rezen bon kalite, ki soti nan bon bouti. Men koulyeya, gade jan ou chanje: Ou tounen yon vye pye rezen mawon, Mwen pa konn kote ou soti.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 Sepandan, Mwen te plante chan rezen pi chwazi pou ou, yon grenn ki fidèl nèt. Alò kòman konsa ou te vin detounen devan M pou tounen yon boujon ki dejenere nèt sou yon chan rezen etranje?

参见章节 复制




Jeremi 2:21
27 交叉引用  

Mwen te chwazi l pou l te pase pitit li yo ak tout rès fanmi l k'ap vin apre li yo lòd pou yo mache nan chemen Senyè a met devan yo, pou yo fè sa ki kòrèk ak sa ki dwat devan Bondye. Se konsa m'a fè pou li tou sa mwen te pwomèt li a.


Nonm lan di l: — Yo p'ap rele ou Jakòb ankò. Y'ap rele ou Izrayèl, paske ou goumen ak Bondye, ou goumen ak moun, se ou menm ki genyen batay la.


(3) Yo di nou se avèk fòs kouray ou ou te chase moun lòt nasyon yo, pou ou te kapab tabli yo nan peyi a. Yo di nou jan ou te maltrete anpil lòt nasyon pou ou te ka fè plas pou zansèt nou yo.


(9) Ou rache yon pye rezen nan peyi Lejip, ou mete anpil nasyon deyò, ou plante l nan plas yo.


(10) Ou pare yon mòso tè kote pou l te grandi. Li pouse gwo rasin byen fon, branch li yo kouvri tout peyi a.


W'a mennen yo, w'a plante yo sou mòn ki pou ou a, Senyè, sou mòn kote ou pare pou kay ou a, kay ou bati pou ou a, Senyè.


Yon lè, lavil Jerizalèm te renmen m ak tout kè li. Kounyeya, li tounen yon jennès! Yon lè, se moun ki mache dwat ase ki te rete ladan l, yo pat fè lenjistis. Kounyeya se renk ansasen!


Jou sa a, y'a di: Ann chante chanson ''Bèl Jaden Rezen'' an:


Men, nou menm pèp Izrayèl, sèvitè m yo! nou se pitit pitit Jakòb, moun mwen te chwazi a! Nou se moun ras Abraram, zanmi mwen an!


Kisa pou m te fè pou jaden rezen an mwen pat fè? Mwen t'ap tann li ban m bon jan rezen. Poukisa se bann vye rezen si sa yo li donnen?


Tout moun nan pèp nou an va fè sa ki dwat. Y'a rete nan peyi a pou tout tan. Tankou kreyòl jaden mwen, se mwen ki plante yo, se mwen ki fè yo ak men mwen, pou m ka fè tout moun wè pouvwa mwen.


pou m'bay moun Siyon ki nan lafliksyon yo kè kontan nan plas lapenn yo, kontantman nan plas kè sere yo. Yon chante remèsiman nan bouch yo nan plas yon chante lapenn. Yo pral grandi tankou gwo pyebwa nan jaden Senyè a te plante ak men li. Yo pral fè sa ki dwat devan Bondye pou tout moun ka fè lwanj bèl pou vwa li.


Yon lè, mwen te rele yo: Bèl pye oliv mwen an, plen fèy, chaje donn. Men, kounyeya, m'ap vini ak yon bri loray, m'ap mete dife nan fèy li yo, m'ap kase tout branch li yo.


Se mwen menm Senyè ki gen tout pouvwa a ki te plante pèp Izrayèl la ansanm ak pèp Jida a. Men kounyeya, mwen pran desizyon pou m voye malè sou yo. Se yo menm ki chache l avèk tou sa yo fè ki mal: Se yo ki fè m fache paske y'al boule ofrann pou Baal!


Se pou moun eskalade miray yo. Se pou moun devaste jaden yo. Men, yo pa bezwen fini nèt ak yo. Se pou yo rache branch yo met atè, paske se pa pou mwen yo ye.


Gade jan bon lò pa klere ankò! Li chanje, li pèdi kalite li! Gade jan wòch Tanp yo gaye nan tout lari!


— Ras Adan! Kisa bwa rezen an genyen ki fè li pi bon pase bwa tout lòt pyebwa ou ka jwenn nan rak?


— Koute yon parabòl. Vwala se te yon nonm ki te gen anpil tè. Li fè yon jaden rezen. Lè li fini, li leve kloti antoure jaden an. Li fouye yon basen pou kraze rezen. Li bati yon joupa bay moun k'ap siveye jaden an. Apre sa, li antann li ak kèk moun ba yo travay jaden an dimwatye. Lèfini li pati al nan vwayaj.


Apre sa, Jezi pran rakonte yo yon parabòl. — Vwala se yon nonm ki te gen yon jaden rezen. Nonm lan leve lantouray klotire jaden an. Li fouye yon basen pou kraze rezen. Li bati yon kay bay moun k'ap veye jaden an. Apre sa, li antann li ak kèk moun pou okipe jaden an. Lèfini li pati l'al nan vwayaj.


Apre sa, Jezi pran rakonte pèp la parabòl sa a: — Vwala, se te yon nonm ki te plante yon jaden rezen. Li antann li avèk kèk moun pou okipe jaden an pou li. Apre sa, li kite peyi a, l'al fè lontan deyò.


— Mwen se pye rezen tout bon an. Papa m se moun k'ap okipe pye rezen an.


Ou ta di se menm ras moun Sodòm ak Gomò yo ye. Yo tankou pye rezen k'ap donnen rezen anmè, rezen ki plen pwazon.


Li te renmen zansèt nou yo, li te chwazi pitit pitit yo apre yo, kifè li te fè yo santi li la ak yo, li fè yo wè gwo pouvwa li, li fè yo sòti kite peyi Lejip.


Pèp Izrayèl la te sèvi Senyè a pandan tout tan Jozye te vivan an, epi apre sa, pandan tout tan chèf ki te konnen sa Senyè a te fè pou pèp Izrayèl la te vivan toujou.


跟着我们:

广告


广告