Jeremi 2:2 - 1998 Haïtienne2 — Ale non. Men mesay ou pral bay nan zòrèy tout moun lavil Jerizalèm. Men sa Senyè a di: Mwen chonje jan ou te ye nan tan lontan, jan ou t'ap mouri pou mwen lè ou te jenn, jan ou te renmen m lè nou te fenk marye. Ou te swiv mwen nan dezè a, kote anyen pa pouse. 参见章节Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen2 “Ale e pwoklame nan zòrèy a Jérusalem pou di: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Mwen sonje de ou, jan ou te renmen M lè ou te jenn; lanmou ou lè ou te fiyanse avè M, jan ou te swiv Mwen nan dezè a, nan yon peyi ki pa t konn simen. 参见章节 |
Senyè a di: Lè m te fenk jwenn pèp Izrayèl la, se te tankou si m te jwenn yon grap rezen nan mitan yon dezè. Lè m te fenk wè zansèt nou yo, se te tankou si m te wè premye fig frans ki mi nan rekòt fig la. Men, lè yo rive Baal-Peyò yo lage kò yo nan sèvi Baal. Yo fè m vin rayi yo, tankou mwen rayi zidòl yo te renmen yo.