Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 2:18 - 1998 Haïtienne

18 Kounyeya, kisa nou kwè n'a jwenn lè nou pran chemen Lejip pou n'al bwè dlo nan larivyè Nil? Kisa ou kwè n'a jwenn lè nou pran chemen Lasiri pou n'al bwè dlo nan larivyè Lefrat?

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 Men koulye a, se kisa w ap fè nan wout pou rive Égypte la, lè w ale pou bwè dlo nan Rivyè Nil lan? Oswa se kisa w ap fè nan wout pou ale Assyrie a, pou bwè dlo nan flèv pa yo a?

参见章节 复制




Jeremi 2:18
18 交叉引用  

Lè sa a, wa Akaz voye mande wa peyi Lasiri a sekou,


achte ble yo rekòlte bò larivyè Nil nan peyi Lèjip la, apre sa pou nou mache vann li avèk gwo benefis. Nou t'ap fè kòmès ak tout peyi.


Madichon pou moun k'ap desann peyi Lejip al chache sekou! Yo mete konfyans yo nan chwal, nan kantite cha lagè, nan fòs sòlda kavalye. Yo pa dòmi reve Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa. Yo pa chache pwoteksyon bò Senyè a.


Jou sa a, Senyè a ap fè wa peyi Lasiri a sòti lòt bò larivyè Lefrat. Li va tankou yon razwa. L'ap vini, l'ap koupe tout bab ou, tout cheve nan tèt ou ak tout plim sou kò ou.


Gade jan w'ap avili tèt ou, lè w'ap kouri dèyè bondye lòt nasyon yo! W'ap pran wont nan men peyi Lejip menm jan sa te rive ou avèk peyi Lasiri.


Kilè n'a sispann drive deyò, bann wòklò! Mwen fè yon bagay tou nèf nan peyi a: Kounyeya se fanm k'ap linyen gason.


Je nou wouj afòs nou kriye. N'ap tann yon sekou ki pa janm vini. M'ap veye tann yon nasyon ki pa ka fè anyen pou delivre nou.


Pou nou ka jwenn manje pou nou manje nou blije ap lonje men bay peyi Lejip ak peyi Lasiri.


Men moun sa yo pat ba ou kont plezi ou, ou kouri al jwenn moun peyi Lasiri yo. Ou kouche ak yo. Men yo menm tou, yo pat ba ou kont plezi ou.


Men, wa peyi Jida a revòlte. Li voye mesaje nan peyi Lejip al chache chwal ak anpil sòlda. Eske l'ap rive fè sa li vle fè a? Eske li ka sòti nan sitirasyon kote l ye a? Depi li kase kontra a, fòk li peye l.


ki pral lakòz tout malè sa yo tonbe sou ou. Ou te tounen yon jennès pou mesye lòt nasyon yo, ou avili tèt ou, ou tonbe fè sèvis pou vye zidòl yo.


Moun Efrayim yo wè jan peyi a te malad, moun Jida yo te wè eta maleng peyi a. Lè sa a, moun Izrayèl yo kouri al mande sekou nan peyi Lasiri, yo voye moun al mande gran wa a sekou. Men, gran wa sa a pa ka ban nou gerizon, ni li p'ap ka geri maleng nou yo.


Moun Efrayim yo fin egare, yo tankou pijon ki pèdi bann yo, yo pa konn sa y'ap fè. Yon lè, se Lejip yo rele vin ede yo. Yon lòt lè, yo kouri al jwenn moun peyi Lasiri yo.


ki vle di depi larivyè Chikò k'ap koule sou fontyè lès peyi Lejip la, moute nan nò, jouk sou fontyè Ekwon an. Tout teritwa sa a te pase pou peyi moun Kanaran yo. Te gen senk chèf pami moun Filisti yo: yonn te rete lavil Gaza, yon lòt te rete lavil Asdòd, yon lòt lavil Askalon, yon lòt lavil Gat, yon lòt lavil Ekwon. Te rete peyi moun Avit yo tou,


跟着我们:

广告


广告