Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 2:13 - 1998 Haïtienne

13 Paske pèp mwen an fè yon doub peche: Yon bò, yo vire do ban mwen, mwen menm ki bon sous dlo fre a. Yon lòt bò, y'al fè rezèvwa pou dlo, epi yon rezèvwa koule, li pa menm ka kenbe tak dlo.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Paske pèp Mwen an te komèt de kalite mal: Yo te abandone Mwen, fontèn dlo vivan yo, epi yo te fouye pou kont yo lòt sitèn; sitèn yo ki kraze ki pa ka kenbe dlo.

参见章节 复制




Jeremi 2:13
49 交叉引用  

Yo vire do ban mwen, yo fè sèvis pou lòt bondye. Avèk tout zak sa yo, yo fè m fè kòlè. Mwen move anpil sou lavil Jerizalèm. Kòlè m poko ap pase.


(10) Paske, se ou menm ki sous lavi a. Se limyè ou ki fè nou wè klè!


Mwen wè tou sa k'ap fèt sou latè. Yo tout se mouvman nil. Se rapousib van.


Nan lavi a, anyen pa anyen, Non, anyen pa anyen nan lavi a. Se pawòl filozòf la. Tout bagay gen pou kaba.


Nan lavi a anyen pa anyen, Non, anyen pa anyen nan lavi a, Se pawòl filozòf la. Tout bagay gen pou kaba.


Apre sa, mwen kalkile sou tou sa mwen te fè ak men mwen, sou tout traka mwen te bay kò mwen pou m'fè yo. Enben, mwen jwenn sa pa te vo anyen. Se kouri dèyè van. Konsa, pa gen okenn pwofi sou tou sa ou fè sou latè beni.


Wi, yon nonm fè travay li ak lespri, ak konesans, ak ladrès. Apre sa, se pou li pati kite li pou yon lòt ki pa leve ni lou ni lejè nan travay la. Sa a tou, se rapousib van, epi se pa jis sa.


Moun li vle, li ba yo bon konprann, konesans ak kè kontan. Konsa tou, pou moun li vle, li fè mechan yo travay fè lajan sere pou li ka ba yo. Menm sa a tou, se rapousib van. Paske anyen pa anyen.


Mwen wè tout di lèzòm ap travay di a, tout bèl mèvèy y'ap reyalize nan lavi a, se paske yonn vle gen plis pase lòt. Men sa a tou, se rapousib van, se lave men siye atè.


Bèf ki bèf konnen mèt li. Bourik ki bourik konnen kote mèt li konn lonje li. Men pèp Izrayèl pa konnen mwen. Pèp mwen an pa pyès diferans.


Malè pou peyi nou an kote tout moun ap viv nan peche! Malè pou pèp ki plen krim sou konsyans li! Malè pou ras sa a k'ap fè sa ki mal! Malè pou bann moun sa yo ki fin pèvèti! Yo lage pye Bondye, Senyè a! Yo pa okipe Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa. Yo vire do ba li.


Menm jan kè pèp la kontan lè yo pral pran dlo nan sous, se konsa y'a kontan tou lè Bondye ap delivre yo.


Se lpoutèt sa, y'ap depòte yo san yo pa rann yo kont sa. Grannèg yo pral nan grangou. Ata dlo popilasyon an p'ap jwenn pou yo bwè.


Poukisa n'ap depanse lajan achte manje ki pa ka fè anyen pou nou? Poukisa n'ap depanse lajan travay nou pou bagay ki pa ka plen vant nou? Si nou koute byen sa m'ap di nou la a, n'a manje sa ki bon. N'a pran plezi nou nan manje bon kalite manje.


Senyè a te di se pèp mwen yo ye, m sèten yo p'ap fè m wont. Se konsa, li delivre yo


M'a pini moun nan peyi a jan m te di l la, paske yo te fè sa ki mal. Yo vire do ban mwen, y'al boule lansan pou lòt bondye. Yo fè zidòl, lèfini yo fè sèvis pou yo.


Grannèg yo voye domestik yo al chache dlo. Lè yo rive nan sitèn yo, yo pa jwenn yon gout dlo. Yo tounen ak veso yo vid. Yo wont, yo pa konn sa pou yo di. Yo bouche figi yo.


Se nou menm ki voye m jete. Se Senyè a menm ki di sa. Se nou menm ki vire do ban mwen. Se konsa, mwen leve men m sou nou pou m detwi nou, paske mwen bouke pran pasyans ak nou.


Senyè! Se ou ki tout espwa pèp Izrayèl la. Tout moun ki lage ou pral wont. Moun ki vire do ba ou ap disparèt tankou non ki ekri sou sab, paske yo lage ou, Senyè, ou menm ki sous dlo fre a.


Eske ou janm wè pa gen lanèj sou wòch nan tèt mòn peyi Liban yo? Eske ou janm wè ti sous dlo fre k'ap desann sòti nan mòn yo cheche?


M'ap fè sa paske yo vire do ban mwen. Yo pran peyi a pou fè bagay yo pat dwe fè, yo boule lansan pou bondye moun lòt nasyon yo, bondye ni yo menm, ni zansèt yo, ni wa peyi Jida yo pat janm konnen. Epi yo touye yon pakèt ti inonsan.


Lòt nasyon yo pa janm chanje bondye yo, malgre yo pa bondye tout bon vre. Men, pèp mwen an pito zidòl ki pa ka fè anyen pou yo pase mwen menm, Bondye ki te fè bèl bagay pou yo a.


Se nou menm ki chache sa, paske nou vire do bay Senyè a, Bondye nou an, antan li t'ap moutre nou chemen pou nou pran an.


Menm jan yon vòlè wont lè yo bare l, se konsa moun pèp Izrayèl yo pral wont, ni wa yo, ni chèf yo, ni prèt yo, ni pwofèt yo!


Senyè a di konsa: Pèp mwen an sòt! Yo pa konnen m! Se yon bann timoun, lespri yo bouche! Yo pa konprann anyen! Yo fò nan fè sa ki mal ase. Yo pa konn fè sa ki byen.


Gen yon bann mechan k'ap viv nan mitan pèp mwen an. Y'ap veye konsa tankou moun k'ap tann kabann pou zwazo. Yo mete pèlen pou pran moun.


Annik manti ase pwofèt yo ap bay. Prèt yo menm, se pòch yo ase yo konnen. Pèp la menm renmen l konsa. Men, kisa y'a fè lè tou sa va fini?


Zidòl yo te fè moun pèp Izrayèl yo vire do ban mwen. Men, m'ap reponn yo pou yo ka tounen vin jwenn mwen ankò.


Apre sa, nonm lan mennen m tounen devan pòtay pou antre nan Tanp lan. Mwen wè yon dlo k'ap sòti anba papòt kay la, li t'ap koule nan direksyon solèy leve. Se nan direksyon sa a pòtay Tanp lan te bay tou. Dlo a t'ap koule desann sòti anba fondasyon ki sou bò sid Tanp lan, li pase adwat sou bò sid lotèl la.


Senyè a reponn: nou leve dèyè pèp mwen an tankou si nou se lènmi yo. Moun ap mache kèpòpòz san okenn lide chache moun kont. Men nou la, n'ap tann konsa pou nou vòlò ata rad sou po kò yo.


Senyè a di: Ooo! Pèp mwen! Kisa mwen fè nou kifè nou bouke avè m konsa? Reponn mwen non!


Lè sa a, yon sous dlo va pete pou lave moun fanmi David yo ak moun ki rete lavil Jerizalèm yo pou wete peche yo, pou mete yo nan kondisyon pou yo sèvi Bondye ankò. Se Senyè a menm ki di sa.


Jezi reponn li: — Si ou te konnen kado Bondye bay la, si ou te konnen ki moun k'ap mande ou ti gout dlo a, se ou menm atò ki ta mande li ba ou ti gout dlo. Lè sa a, li ta ba ou nan dlo ki bay lavi a.


Fanm lan di li: — Mesye, ou pa gen veso pou tire dlo. Epitou, pi a fon anpil. Ki bò pou ou ta jwenn dlo ki bay lavi sa a?


Men, moun ki va bwè nan dlo m'ap ba li a, li p'ap janm swaf dlo ankò. Paske, dlo m'ap ba li a ap tounen yon sous dlo nan li k'ap ba li lavi ki p'ap janm fini an.


Dènye jou fèt la, se li ki te pi enpòtan. Jou sa a, Jezi kanpe devan foul moun yo, li di yo byen fò: — Si yon moun swaf dlo, li mèt vin jwenn mwen, li mèt vin bwè.


Senyè a di Moyiz: — Ou pral mouri. Ou pa lwen al jwenn zansèt ou yo ki mouri deja. Men, apre ou fin mouri, pèp la pral leve, yo pral vire do ban mwen pou y'al kouri dèyè lòt bondye y'ap sèvi nan peyi lòt nasyon kote nou pral antre a. Wi, yo pral lage m, yo pral kase kontra m te pase avèk yo a.


Moun sa yo tankou sous dlo ki cheche, tankou nyaj gwo van ap pote ale. Kote ki fènwa anpil la ap pare tann yo tou.


Apre sa li di yo ankò: — Bon, tout bagay kaba. Mwen se A jiska Z. Mwen se konmansman, mwen se finisman. Si yon moun swaf, m'a ba li bwè gratis nan sous dlo ki bay lavi a.


Apre sa, zanj lan moutre m yon gwo larivyè dlo ki t'ap koule sòti anba fòtèy kote Bondye ak ti Mouton an te chita a. Se dlo sa a ki bay lavi.


Lespri Bondye a ansanm ak lamarye a di: — Vini non. Se pou tout moun ki tande sa di tou: — Vini non. Se pou tout moun ki swaf dlo vin bwè dlo. Se pou tout moun ki vle ti gout nan dlo ki bay lavi a vin resevwa l gratis.


Men chak fwa, nou vire do ban mwen pou n'al fè sèvis pou lòt bondye. Se poutèt sa mwen pa pral delivre nou fwa sa a ankò.


Yo rele mande Senyè a sekou, yo di konsa: Nou te fè sa ki mal, paske nou te vire do bay Senyè a, n'al sèvi yon bann zidòl yo rele Baal ak Astate. Kounyeya, tanpri, delivre nou anba men lènmi nou yo, n'a sèvi ou.


跟着我们:

广告


广告