Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 2:12 - 1998 Haïtienne

12 Se pou syèl la pantan lè li tande sa! Se pou l tranble. Se pou l rete sezi! Se mwen menm Senyè a ki di sa.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Menm syèl yo etonnen, jis yo vin fremi. Reste byen dezole, deklare SENYÈ a.

参见章节 复制




Jeremi 2:12
10 交叉引用  

Senyè a di konsa: — Ou menm syèl la, koute! Ou menm latè, pare zòrèy ou! Paske mwen menm, Senyè a, mwen pral pale! Pitit mwen te okipe yo, pitit mwen te elve yo, men yo vire do ban mwen.


Nou pral sezi, nou pral rete bèbè! Fèmen je nou pou nou pa wè! Nou pral sou, san nou pa menm bwè. N'ap titibe san nou pa pran yon gout gwòg!


Lè sa a, Senyè a di ankò: — Al mande moun lòt nasyon yo si yo te janm tande yon bagay konsa rive anvan sa? Moun pèp Izrayèl yo fè yon bann bagay moun pa ka gade!


O latè, latè, latè! Koute sa Senyè a di:


Mwen li pa te gen fòm, li pa te gen anyen sou li! Mwen gade syèl la: Li pa te gen ti kras limyè menm!


Ou menm latè, koute. Mwen pral fè malè tonbe sou pèp sa a. Se yo ki chache l ak vye lide yo gen nan tèt yo. Yo pa vle koute sa m'ap di yo, yo pa okipe lalwa mwen ba yo a.


Nou menm, mòn yo, nou menm ki fondasyon tè a pou tout tan, tande plent Senyè a ap vin pote pou pèp li a! Wi, li pral pote plent pou pèp Izrayèl la! Li gen yon kòz pou l plede ak li!


Vè midi konsa, vin gen yon fènwa sou tout peyi a, jouk twazè apre midi.


Ou menm syèl, tande sa mwen pral di la a! Koute byen, ou menm latè, pawòl ki pral sòti nan bouch mwen!


跟着我们:

广告


广告