Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 2:11 - 1998 Haïtienne

11 Lòt nasyon yo pa janm chanje bondye yo, malgre yo pa bondye tout bon vre. Men, pèp mwen an pito zidòl ki pa ka fè anyen pou yo pase mwen menm, Bondye ki te fè bèl bagay pou yo a.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Èske yon nasyon janm te chanje dye pa yo, malgre, se pa dye yo te ye? Men pèp Mwen an te fè echanj glwa pa yo pou sa ki san benefis.

参见章节 复制




Jeremi 2:11
23 交叉引用  

Salomon vire do ban mwen, l'al adore bondye lòt nasyon, tankou Astate, zidòl fanm moun peyi Sidon yo, Kemòch, bondye moun Mowab yo, ak Milkòm, bondye moun Amon yo. Salomon pa fè sa ki byen devan je mwen, li pa mache dwat, li pa swiv lòd ak kòmandman mwen yo tankou David, papa l, te fè l la.


Men, zanj Senyè a pale ak pwofèt Eli, moun lavil Tichbe a, li di l konsa: — Leve al kontre mesaje Okozyas, wa peyi Samari a. W'a mande yo si pa gen Bondye nan peyi Izrayèl la kifè yo pral pale ak Baalzeboub, bondye lavil Ekwon an.


Nou mete prèt Senyè yo, pitit Arawon yo, deyò ansanm ak moun Levi yo, lèfini nou fè tankou lòt nasyon yo, nou chwazi moun pa nou pou sèvi prèt. Nenpòt moun ki vin jwenn nou ak yon towo bèf osinon ak sèt mouton, nou fè l prèt bondye nou yo ki pa bondye.


Yo pran lwanj ki pou Bondye a bay yon pòtre bèf ki manje zèb.


Zidòl pa yo, se bagay ki fèt ak ajan ak lò. Se moun ki fè yo ak men yo.


(4) Men ou menm, Senyè, w'ap toujou pran defans mwen. W'ap fè m genyen batay la. Ou p'ap kite m wont devan lènmi m yo.


Yo te boule tout bondye yo paske se pat bondye yo te ye. Se estati fèt an bwa ak wòch moun te fè ak men yo. Se poutèt sa yo te rive detwi yo.


Eske moun ka fè bondye pa yo? Zidòl sa yo pa bondye tout bon.


Lè sa a, Senyè a di ankò: — Al mande moun lòt nasyon yo si yo te janm tande yon bagay konsa rive anvan sa? Moun pèp Izrayèl yo fè yon bann bagay moun pa ka gade!


Men sa Senyè a voye di nou: — Kisa mwen te fè zansèt nou yo ki mal kifè yo te vire do ban mwen? Yo pran mache dèyè yon bann zidòl ki pa vo anyen. Yo menm tou, yo vin pa vo anyen.


Prèt yo pa janm mande kote Senyè a? Yo menm mwen te fè konnen lòd mwen yo, yo pa konnen m ankò. Chèf yo trayi m. Pwofèt yo pale nan non Baal. Y'ap kouri dèyè zidòl ki pa ka fè anyen pou yo.


Nan kondisyon sa a, ki jan pou m ta padonnen moun lavil Jerizalèm yo? Yo vire do ban mwen. Y'ap pran non yon bondye ki pa Bondye tout bon pou fè sèman. Mwen te ba yo tou sa yo bezwen. Men, yo lage kò yo nan fè adiltè. Y'ap goumen konsa pou yo antre kay jennès.


Zidòl yo te fè moun pèp Izrayèl yo vire do ban mwen. Men, m'ap reponn yo pou yo ka tounen vin jwenn mwen ankò.


Se poutèt sa, nou menm moun lavil Jerizalèm, men sa Senyè ki gen tout pouvwa a, di nou: Nou pa swiv lòd mwen yo, nou pa fè sa m te mande nou fè. Konsa, nou fè pi mal pase moun lòt nasyon ki bò kote nou yo. Nou pa menm swiv lòd moun lòt nasyon yo gen lakay yo.


Chak nasyon ap viv dapre lòd bondye pa yo ba yo. Men nou menm, n'ap viv dapre lòd Senyè a, Bondye nou an, pou tout tan tout tan.


Pase pou yo adore Bondye ki san fen an, pase yo admire tout bèl bagay li yo, yo pito sèvi pòtre lòm mòtèl, pòtre zwazo, pòtre bèt kat pat ak bèt k'ap mache sou vant.


Bon, men kèsyon an: eske nou ka manje vyann bèt yo ofri bay zidòl? Nou konnen byen pwòp zidòl yo pa reprezante anyen ki vre sou latè. Se yon sèl Bondye a ki genyen.


Nan tan lontan, nou pat konnen Bondye, nou te esklav yon bann bondye ki pat Bondye.


Y'al adore bondye lòt nasyon. Yo fè Senyè a fè jalouzi, y'al fè sa ki mal, yo fè l fè kòlè.


Yo fè m fè jalouzi, y'al adore yon bondye ki pa bondye tout bon. Yo fè m fè kòlè, y'al fè sèvis pou zidòl ki pa vo anyen. Enben, mwen menm, mwen pral fè yo fè jalouzi pou yon pèp ki pa menm yon pèp. M'ap fè yo fè kòlè pou yon nasyon moun ki san konprann.


Ala bon sa bon pou nou, moun pèp Izrayèl! Pa gen tankou nou! Se Senyè a menm ki delivrans nou! Se li ki pwoteksyon nou! Se li ki defans nou! L'ap mache devan nou pou l fè nou genyen batay la. Lènmi nou yo va vin mande padon nan pye nou. Men nou menm, n'a kraze sa ki fè logèy yo a anba pye nou.


Sonje Bondye te retire nou nan direksyon lavi san sans zansèt nou yo. Nou konnen sa li te peye pou sa. Se pa ak bagay ki ka pèdi valè yo tankou lajan ak lò.


Li rele ti gason an Ikabòd, epi li di: — Pèp Izrayèl la pèdi lasistans pouvwa Bondye a. Li t'ap di sa akòz Bwat Kontra Bondye yo te sezi a.


跟着我们:

广告


广告