Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 2:10 - 1998 Haïtienne

10 Ale bò solèy kouche, rive jouk sou zile Chip. Voye moun nan peyi Keda, bò solèy leve. N'a wè sa k'ap pase isit la pa janm rive lòt kote anvan sa.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Alò, travèse rive nan peyi kot yo nan Kittim pou wè; voye Kédar pou obsève e wè si janmen te gen yon bagay konsa!

参见章节 复制




Jeremi 2:10
21 交叉引用  

Men non pitit Izmayèl yo. N'ap konmanse ak pi gran an pou rive sou pi piti a. Nebajòt te premye pitit Izmayèl. Apre li vini Keda, Adbeyèl, Mibsam,


Y'a reponn yo: Se paske yo te vire do bay Senyè a, Bondye yo a, ki te fè zansèt yo sòti kite peyi Lejip. Yo kouri al jwenn lòt bondye, yo fè sèvis pou yo, yo adore yo. Se poutèt sa Senyè a te voye malè sa a sou yo.


Men non pitit Javan yo: Elicha, Tasis, Kitim ak Wodanim.


David te fin vye, li te fin viv, lè li mete pitit li Salomon wa sou pèp Izrayèl.


Keyat te gen kat pitit: Amram, Jizeya, Ebwon ak Ouzyèl.


Malè pou mwen, paske se tankou si m te rete nan mitan moun peyi Mechèk, osinon nan mitan moun peyi Keda.


Lè sa a, Senyè a di m konsa: — Nan yon lanne, jou pou jou, tankou moun k'ap travay pou lajan kalkile lè travay yo, p'ap rete anyen nan tout bèl pouvwa peyi Keda a!


Men yon mesay pou lavil Tir: — Nou menm maren ki sou batiman Tasis yo, nou mèt plenn sò nou! Lavil Tasis fini. Pa gen kay ankò, pa gen pò! Yo t'ap tounen sòti peyi Kitim lè yo pran nouvèl la.


Li di: — Nou menm, moun lavil Siyon, nou pa nan fè fèt ankò! Nou tankou yon jenn fi yo fè kadejak sou li. Nou mèt leve travèse lòtbò lanmè. Te mèt n'al nan peyi Kitim. Menm la, yo p'ap kite nou repo.


Moun branch fanmi Keda yo ak chèf lavil Azò yo te pèdi batay la devan Nebikadneza, wa Babilòn lan. Men mesay Senyè a bay sou yo: — Leve non! Ann mache pran Keda! Piye moun bò solèy leve yo.


Ou pran bèl rad koulè ou yo, ou dekore kote w'ap fè sèvis pou lòt bondye sou tèt mòn yo. Tankou yon fanm k'ap fè jennès, ou kouche la ak dènye moun ki vini.


Moun peyi Arabi yo ak chèf peyi Keda yo te pratik ou tou. Yo te vann ou ti mouton, belye mouton ak bouk kabrit.


Yo pran bwachenn peyi Bazan fè zaviwon. Yo voye chache bwa sèd nan zile Chip pou fè pon an. Lèfini yo fann kwòk elefan fè moso pou plake sou tout kò pon an.


Se poutèt sa, nou menm moun lavil Jerizalèm, men sa Senyè ki gen tout pouvwa a, di nou: Nou pa swiv lòd mwen yo, nou pa fè sa m te mande nou fè. Konsa, nou fè pi mal pase moun lòt nasyon ki bò kote nou yo. Nou pa menm swiv lòd moun lòt nasyon yo gen lakay yo.


Lèfini, l'ap pase nan lanmè, l'ap atake lòt nasyon sou zile yo. L'ap pran anpil ladan yo. Men, yonn nan chèf lòt nasyon yo pral rete l sou kous li. L'ap fè l sispann fè awogan. L'ap fè awogans wa a tounen sou tèt wa a ankò.


Moun Kitim yo ap vin nan batiman yo, y'ap rete l sou kous li, l'ap dekouraje. Lè l'ap tounen. L'ap fin debòde sou moun k'ap sèvi dapre kontra Bondye te siyen avèk yo a. Men, l'ap fè pa moun ki vire do bay kontra a.


Lè sa a, moun ap sòti lavil Kitim nan bato vin anvayi peyi a. Yo pral kraze peyi Lasiri ak lavil Babilòn. Men, ata moun Kitim yo gen pou disparèt nèt tou.


Bri kouri toupatou jan gen imoralite k'ap fèt nan mitan nou. Imoralite a tèlman lèd, ou pa jwenn sa menm nan mitan moun ki pa konn Bondye yo. Nouvèl gaye gen yonn nan nou k'ap viv ak pwòp madanm papa li.


Chak moun ki te wè sa di konsa: — Nou pa janm wè bagay konsa! Bagay konsa pa janm rive nan mitan nou depi lè pèp Izrayèl la kite peyi Lejip rive jounen jòdi a. Annou kalkile byen kisa nou pral fè pou sa. Sa nou di nan sa?


跟着我们:

广告


广告