Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 19:9 - 1998 Haïtienne

9 Lè lènmi yo, moun ki sòti pou touye yo, va sènen lavil la, sa va ba yo yon sèl kè sere, sa va lage yo nan yon sèl mizè, y'a manje pwòp pitit gason ak pwòp pitit fi yo. Yonn pral manje lòt.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Mwen va fè yo manje chè pwòp fis pa yo ak fi pa yo. Yo va manje chè youn lòt nan syèj la, ak nan gwo twoub avèk sila lènmi pa yo, ak sila k ap chache lavi yo va twouble yo.”’

参见章节 复制




Jeremi 19:9
10 交叉引用  

Sou nevyèm jou katriyèm mwa menm lanne sa a, te gen yon sèl grangou nan lavil la, moun yo pat gen anyen pou yo manje ankò.


Yo vire adwat, yo pran sa yo jwenn, yo grangou toujou. Yo vire agòch, yo devore sa yo jwenn, se atò yo grangou. Yo menm rive manje pwòp pitit yo!


Apre sa, m'ap frape yo yonn ak lòt pou yo kraze, granmoun kou timoun, tout ansanm. M'ap san pitye, mwen p'ap kite yonn chape. Mwen p'ap pran priyè, m'ap touye yo tout.


— Monwa, mèt mwen, sa mesye yo fè pwofèt Jeremi an pa bon non. Yo desann li nan fon sitèn lan kote, wè pa wè, l'ap mouri grangou, paske pa gen pen lavil la ankò.


Gade non Senyè! Manyè wè ki moun w'ap matirize konsa a non! Manman ap manje pitit ki sot nan vant li, pitit yo renmen anpil yo. Y'ap touye prèt yo ak pwofèt yo nan kote ki apa pou Bondye sèl Mèt la, nan tanp lan.


Manman ki te renmen pitit yo anpil, kounyeya, yo kwit yo pou yo manje. Lè malè a tonbe sou pèp mwen an, se sa yo fè pou yo pa mouri grangou.


Se poutèt sa, nan lavil Jerizalèm papa ak manman va manje pwòp pitit yo, pitit va manje papa ak manman yo. M'ap pini nou, m'ap gaye rès moun ki va rete yo toupatou.


N'a sitèlman grangou n'a touye pwòp pitit gason ak pwòp pitit fi nou yo, n'a manje vyann yo.


跟着我们:

广告


广告