Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 19:8 - 1998 Haïtienne

8 M'ap fè lavil Jerizalèm tounen dezè. Moun va sezi wè sa. Tout moun k'ap pase bò la pral sezi, y'ap mete men nan tèt lè y'a wè dega ki fèt ladan l.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Anplis, Mwen va fè vil sa a yon dega, yon objè degoutan k ap fè moun soufle anlè kon koulèv. Tout moun ki pase akote li va vin etone, e sifle anlè akoz tout dezas li yo.

参见章节 复制




Jeremi 19:8
14 交叉引用  

Tanp sa a va tounen yon vye mazi. Tout moun ki va pase bò la va sezi, y'a met men nan bouch. Y'a mande poukisa Senyè a fè peyi a ak Tanp lan sa.


Yo fè peyi a tounen yon savann dezole, tout moun se mete men nan tèt! Tout moun k'ap pase bò la pral sezi wè sa. Yo pral souke tèt yo.


Mwen fè moun lavil Jerizalèm ak moun lavil Jida yo bwè ladan l ansanm ak wa yo, chèf yo, pou lavil yo ka tounen mazi, yon dezè pou moun mete men nan tèt lè yo wè sa, pou moun sèvi ak non yo pou bay madichon, jan y'ap fè l jouk kounyeya.


Se mwen menm Senyè a k'ap pale: Mwen sèmante m'ap fè Bozra tounen yon dezè, yon vye pil mazi. Moun ap pase l nan betiz, y'ap sèvi ak non l pou bay madichon. Tout ti bouk nan vwazinay li yo pral tounen yon pil vye mazi pou tout tan.


Paske Senyè a pral move sou li. P'ap gen pèsonn rete nan lavil Babilòn lan. Tout kay li yo ap tounen mazi. Tout moun k'ap pase bò la pral sezi, y'a mete men nan tèt lè y'a wè tout sa ki rive l.


Moun k'ap fè kòmès nan lòt peyi yo sezi, yo pè pou sa ki rive ou la pa rive yo tou. Wi, ou fini, ou fini nèt.


Se mwen menm ankò ki pral devaste peyi nou an. Ata lènmi nou yo ki pral pran peyi a pou yo rete pral sezi wè sa m'ap fè.


Nou pran swiv move mès wa Omri a ansanm ak move bagay wa Akab, pitit gason l lan, t'ap fè a. N'ap fè menm bagay yo t'ap fè a toujou. Se poutèt sa, m'ap fè malè tonbe sou nou. Tout moun pral rele chalbari dèyè nou. Moun toupatou pral trete nou tankou fatra.


Men sa ki pral rive lavil kote moun t'ap pran plezi yo, lavil kote moun te mete nan tèt yo anyen pa ka rive yo, lavil kote moun yo t'ap di nan kè yo: Se mwen menm sèl chèf! Pa gen lòt! Tout moun k'ap pase bò la pral sezi, y'ap mete men nan tèt lè yo wè sa ki rive.


Nan tout peyi kote Senyè a pral gaye nou yo, moun pral sezi wè sa ki rive nou, y'a pase nou anba kont betiz, y'a fè chante sou nou.


Moun k'ap vin apre nou yo, pitit nou yo k'ap fèt apre nou ansanm ak moun lòt nasyon k'ap sòti byen lwen yo, va wè malè ki tonbe sou peyi a ak tout maladi Senyè a voye nan peyi a.


跟着我们:

广告


广告