Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 19:4 - 1998 Haïtienne

4 M'ap fè sa paske yo vire do ban mwen. Yo pran peyi a pou fè bagay yo pat dwe fè, yo boule lansan pou bondye moun lòt nasyon yo, bondye ni yo menm, ni zansèt yo, ni wa peyi Jida yo pat janm konnen. Epi yo touye yon pakèt ti inonsan.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Akoz yo te abandone Mwen, yo te fè plas sa a vin pa pwòp, e yo te brile sakrifis nan li bay lòt dye, ke ni yo menm, ni papa zansèt yo, ni wa a Juda yo pa t janm konnen—epi akoz yo te plen plas sa a ak san a inosan yo,

参见章节 复制




Jeremi 19:4
49 交叉引用  

Manase pa sèlman lakòz pèp Jida a fè sa li pat dwe fè avèk tou sa li menm li t'ap fè ki mal nan je Senyè a, li fè pi rèd toujou. Li sitèlman touye moun inonsan, tout lari lavil Jerizalèm te plen san.


Wa Jozyas gate Tofèt la tou, yon tanp zidòl ki te nan fon Inon an, konsa pèsonn pat ka ofri pitit fi osinon pitit gason yo pou boule pou Molòk ankò.


ak pou kantite moun inonsan li te touye jouk tout lari Jerizalèm te plen san. Senyè a pat vle padonnen ankò.


Yo touye ti inonsan sa yo, pwòp pitit gason ak pitit fi yo. Yo ofri yo bay zidòl moun peyi Kanaran yo. Se konsa yo fin derespekte tout peyi a ak san moun yo te touye.


Y'ap kouri konsa pou fè sa ki mal, yo cho pou yo touye moun inonsan. Lide yo toujou sou sa ki mal, kote yo pase se dega toupatou. Se malè yo kite dèyè yo.


Men pou nou menm ki vire do bay Senyè a, nou menm ki bliye mòn ki apa pou mwen an, epi ki al fè sèvis manje pou Gad, ki al fè ofrann bwason pou Mini,


M'a pini moun nan peyi a jan m te di l la, paske yo te fè sa ki mal. Yo vire do ban mwen, y'al boule lansan pou lòt bondye. Yo fè zidòl, lèfini yo fè sèvis pou yo.


Nou menm moun peyi Jida, nou gen yon bondye pou chak lavil nan peyi a! Nou menm moun lavil Jerizalèm, mezi lari nou genyen se mezi lotèl nou bati pou boule ofrann pou Baal, zidòl k'ap fè nou wont la!


Se nou menm ki voye m jete. Se Senyè a menm ki di sa. Se nou menm ki vire do ban mwen. Se konsa, mwen leve men m sou nou pou m detwi nou, paske mwen bouke pran pasyans ak nou.


Lè sa a, w'a reponn yo: — Men sa Senyè a di: Se paske zansèt nou yo te vire do ban mwen, y'al dèyè lòt Bondye. Yo fè sèvis pou yo, yo adore yo, yo vire do ban mwen. Yo pa kenbe lòd mwen te ba yo.


Senyè! Se ou ki tout espwa pèp Izrayèl la. Tout moun ki lage ou pral wont. Moun ki vire do ba ou ap disparèt tankou non ki ekri sou sab, paske yo lage ou, Senyè, ou menm ki sous dlo fre a.


W'a di yo: Nou menm, wa peyi Jida ak tout moun nan peyi a, nou tout moun lavil Jerizalèm ki pase nan pòtay sa yo, koute sa Senyè a di:


Men, pèp mwen an bliye m. Y'ap boule lansan pou zidòl ki pa vo anyen. Kifè yo kite chemen pou yo te swiv la, chemen yo t'ap swiv depi nan tan lontan an, yo pran mache nan raje, kote ki pa gen chemen trase.


Paske pèp mwen an fè yon doub peche: Yon bò, yo vire do ban mwen, mwen menm ki bon sous dlo fre a. Yon lòt bò, y'al fè rezèvwa pou dlo, epi yon rezèvwa koule, li pa menm ka kenbe tak dlo.


Se nou menm ki chache sa, paske nou vire do bay Senyè a, Bondye nou an, antan li t'ap moutre nou chemen pou nou pran an.


Se mal nou fè a k'ap tounen yon fwèt pou nou! Se vire nou vire do ban mwen an k'ap kondannen nou! Se pou nou konnen jan sa pa dous, jan sa pa bon pou nou vire do ban mwen, Senyè a, Bondye nou an, pou nou sispann gen krentif pou mwen. Se mwen menm, Senyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa.


Mwen te pini pitit nou yo, men sa pat sèvi anyen. Nou pat dakò pou m te korije nou! Tankou lyon ki fin wè mò, nou rale nepe nou yo, nou touye pwofèt nou yo.


Rad ou yo tache ak san pòv ansanm ak san inonsan, moun ou pat bare ap fè anyen ki mal. Malgre tou sa,


Men ou menm, yon sèl bagay ou wè, yon sèl bagay ou konnen, se enterè pa ou ase. Se konsa w'ap touye inonsan. W'ap maltrete pèp la, w'ap maspinen l. Se Senyè a menm ki di sa.


Mwen menm Senyè a, m'ap mande nou pou nou fè sa ki dwat, pou nou rann jistis san patipri. Se pou nou wete moun y'ap peze yo anba men moun k'ap peze yo a. Pa malmennen moun lòt nasyon ki lakay nou yo, timoun ki san papa yo ak vèv yo. Pa pwofite sou yo. Pa touye moun inonsan isit la.


Tansèlman, si nou touye m, konnen se lanmò yon inonsan n'ap gen ni sou konsyans nou, ni sou konsyans moun ki rete nan lavil la. Paske, sa m'ap di nou la a, se vre wi, se Senyè a menm ki voye m pou m fè nou tande tout pawòl sa yo.


Yo pran Iri nan peyi Lejip, yo mennen li bay wa a. Li fè yo touye li. Lèfini, yo antere li nan menm fòs yo antere endijan yo.


Se paske moun ki te rete la yo te fè sa ki mal, yo te fè m fache anpil sou yo. Yo te al ofri lansan bay lòt bondye, yo te al sèvi bondye ni yo menm, ni papa yo, ni granpapa yo pat janm konnen.


Se poutèt sa lyon ki nan rakbwa ap devore yo. Chen mawon ki nan savann ap dechèpiye yo. Leyopa ap anvayi lavil yo. Si yon moun mete tèt deyò, y'ap depatya li. Paske yo fè anpil peche. Se tout tan y'ap twonpe Bondye!


Pa pwofite sou moun lòt nasyon yo, sou timoun ki san papa yo, sou fanm ki pèdi mari yo. Sispann fè san moun inonsan koule nan peyi a. Pa kouri dèyè lòt bondye yo. Se va pou malè nou.


Kouman nou ta vle sa? N'ap vòlò, n'ap touye moun, n'ap fè adiltè, n'ap fè sèman pou bay manti, n'ap fè ofrann pou yo boule pou Baal, n'ap kouri fè sèvis pou yon bann lòt bondye nou pat janm konnen anvan.


Men, tou sa rive paske pwofèt li yo ak prèt li yo te peche. Yo te lakòz anpil moun ki mache dwat pèdi lavi yo mal.


Mwen kite yo avili tèt yo ak ofrann y'ap fè yo, mwen kite yo boule premye pitit gason yo pou zidòl yo. Se pou m te ka fè yo pè, pou m te ka fè yo konnen se mwen menm ki Senyè a.


M'ap fèmen je m pou m pa wè lè y'ap trennen trezò Tanp lan nan labou, lè vòlò va antre nan Tanp lan pou yo derespekte l.


Swasanndis nan chèf fanmi pèp Izrayèl yo te kanpe la devan zidòl yo. Yonn ladan yo te Jazanya, pitit Chafan an. Yo chak te kenbe yon lansanswa nan men yo. Gwo lafimen lansan t'ap moute.


L'ap voye sòlda nan lame li yo vin fè mete Tanp lan nan kondisyon pou moun pa ka sèvi Bondye ladan l ankò. Y'ap aboli ofrann bèt yo te konn fè chak jou a, y'ap mete sa nou pa ta renmen wè a, bagay k'ap bay gwo lapenn lan chita byen wo nan Tanp lan.


Se konsa moun alèkile yo ap reskonsab pou san tout pwofèt ki te koule depi lè Bondye te fin kreye latè;


gen kèk moun, kèk voryen, moun menm ras ak nou ki te pran tèt moun k'ap viv nan lavil sa a pou fè yo al sèvi lòt bondye nou pa janm konnen,


Si yon frè nou, bò papa osinon bò manman, osinon yon pitit gason nou, osinon yonn nan pitit fi nou, osinon madanm k'ap viv nan menm kay avèk nou, osinon ankò yonn nan bon bon zanmi nou ta chache pran tèt nou an kachèt pou fè n'al sèvi lòt bondye, bondye ni nou menm ni zansèt nou yo pat janm konnen,


Si nou fè bagay ki mal, si nou vire do bay Senyè a, l'ap voye tout kalite madichon sou nou: Nou p'ap konn sa pou n fè, n'a gen kè sere nan tou sa n'ap fè jouk n'a rete konsa n'a fin disparèt nèt, paske nou te fè bagay ki mal, nou te vire do ba li.


Senyè a pral depòte nou ansanm ak tout wa nou te mete alatèt nou, nan yon peyi etranje ni nou menm ni zansèt nou yo pat janm konnen. Lè n'a rive la, n'a sèvi zidòl fèt an bwa ak zidòl fèt ak wòch.


Senyè a va gaye nou nan mitan tout nasyon ki toupatou sou latè. Lè n'a rive la, n'a sèvi lòt bondye ni zansèt nou yo, ni nou menm nou pat janm tande pale, zidòl fèt an bwa, zidòl fèt ak wòch.


Paske moun sa yo te fè san pèp Bondye a ak san pwofèt yo koule. Kounyeya ou ba yo san pou yo bwè. Yo jwenn sa yo merite a.


Lè sa a, te prèt pou gen lagè nan peyi a. Moun pèp Izrayèl yo tanmen sèvi lòt bondye. Lè sa a tou, te gen karantmil (40.000) gason nan pèp Izrayèl la. Men, pat gen yon plak pwotèj ak frenn pou yo sèvi.


跟着我们:

广告


广告