Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 19:3 - 1998 Haïtienne

3 Men sa w'a di yo: — Nou menm wa peyi Jida yo, ansanm ak tout moun ki rete lavil Jerizalèm yo, koute mesay Senyè a. Men sa Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Mwen pral mennen yon sèl malè isit la. Lè moun va pran nouvèl la, yo p'ap vle kwè zòrèy yo.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Di: ‘Tande pawòl SENYÈ a, O wa Juda yo ak moun ki rete Jérusalem yo: konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Gade byen, Mwen prèt pou mennen gwo malè sou plas sa a, k ap fè zòrèy a tout moun ki tande yo vin toudi.

参见章节 复制




Jeremi 19:3
18 交叉引用  

(16) Lè sa a, moun lòt nasyon yo va gen krentif pou Senyè a, tout wa ki sou latè va pè bèl pouvwa li.


Senyè a kanpe sou bò dwat ou. Lè l ankòlè l'ap krabinen wa yo.


Kounyeya, nou menm wa yo, manyè konprann. Nou menm k'ap dirije moun sou latè, manyè koute.


Malè a ap pase sou nou chak maten. N'a gen pou n sipòte l lajounen kou lannwit. Chak mesay Bondye va fè yo konnen va ba yo sezisman.


Senyè a di m konsa: — Pale ak wa a ansanm ak manman l. Di yo desann sòti sou fòtèy yo, paske bèl kouwòn ki te sou tèt yo a tonbe atè.


W'a di yo: Nou menm, wa peyi Jida ak tout moun nan peyi a, nou tout moun lavil Jerizalèm ki pase nan pòtay sa yo, koute sa Senyè a di:


Bon! Kounyeya, ou pral pale ak moun peyi Jida yo ansanm ak moun lavil Jerizalèm yo. Men sa Senyè a voye di yo: M'ap pare yon malè pou nou. Mwen fè lide pini nou. Se pou nou chanje, se pou nou kite move pant n'ap swiv la. Chache viv pi byen, manyè sispann fè sa ki mal.


— Men pawòl Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la: Mwen pral voye sou lavil sa a ansanm ak tout ti bouk ki sou kont li yo, tout chatiman mwen te di m'ap voye yo, paske yo fè tèt di, yo pa vle koute sa m di yo.


Premye kote m'ap konmanse fè malè, se va lavil yo mete apa pou mwen an. Atò, se nou menm ki pou pa ta resevwa pinisyon nou? Non, nou p'ap chape, paske mwen pral voye lagè sou tout moun sou latè. Se mwen menm, Senyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa.


Se poutèt sa, men sa mwen menm, Senyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, mwen di nou: Mwen pral voye sou moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm yo malè mwen te di m'ap voye a. Paske mwen te pale nou, nou pa koute m. Mwen rele nou, nou pa reponn mwen.


Se paske moun ki te rete la yo te fè sa ki mal, yo te fè m fache anpil sou yo. Yo te al ofri lansan bay lòt bondye, yo te al sèvi bondye ni yo menm, ni papa yo, ni granpapa yo pat janm konnen.


Ou menm latè, koute. Mwen pral fè malè tonbe sou pèp sa a. Se yo ki chache l ak vye lide yo gen nan tèt yo. Yo pa vle koute sa m'ap di yo, yo pa okipe lalwa mwen ba yo a.


Men sa Senyè a, Bondye sèl Mèt la, di ankò: — Malè sou malè pral tonbe sou nou.


Y'a fè nou konparèt devan chèf gouvènman ak devan wa poutèt mwen, pou nou kapab sèvi m temwen devan yo ak devan moun lòt nasyon yo.


— Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo.


Senyè a di l konsa: — Mwen pral fè yon gwo bagay nan mitan pèp Izrayèl la. Lè moun va tande sa, yo pral sezi.


跟着我们:

广告


广告