Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 17:9 - 1998 Haïtienne

9 Pa gen anyen ki ka plis twonpe moun pase sa ki nan kè moun. Kilès ki konnen sa ki nan kè yanm atò? Ki moun ki konprann sa k'ap pase nan kè lèzòm?

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Kè lòm plen manti plis ke tout lòt yo. Nanpwen lasante ladann nan. Se kilès ki ka konprann li?

参见章节 复制




Jeremi 17:9
23 交叉引用  

Senyè a wè jan lèzòm t'ap vin pi mechan chak jou toupatou sou latè, kijan tout lasentjounen se move lide ase ki nan tèt yo.


Lè Bondye pran bon sant lan, sa te fè l plezi. Li di nan kè l: — Mwen p'ap janm bay tè a madichon ankò poutèt sa lèzòm fè, paske depi yo jenn, se move lide ase ki nan kè yo. Mwen p'ap janm detwi tout bèt vivan yo ankò, jan mwen sot fè l la.


Li voye di Jowab: W'a mete Iri devan nèt, kote batay la pi anraje a. Apre sa, rale kò ou dèyè pou yo ka touye li.


(7) Wi, depi mwen fèt, mwen fèt nan peche. Depi nan vant manman m, san peche a nan venn mwen.


(8) Men Bondye ap tire flèch li sou yo: Yo rete konsa, yo blese.


Moun ki gen konfyans nan sa li santi sèlman, se moun fou yo ye. Men moun ki aji ak bon konprann ap gen sekirite.


Se menm sò a pou tout moun. Sa tou, tankou tout lòt bagay ki rive sou latè, se yon malè. Se konsa, moun pase tout lavi yo ak mechanste nan kè yo, y'ap kite lide moun fou travay nan tèt yo, epi yo rete konsa yo mouri.


Poukisa n'ap plede fè tèt di konsa? Pa gen kote ankò pou nou pran kou. Tèt la malad, tout rès kò a ap soufri.


Soti nan kwenn tèt rive nan plapye, tout kò nou malad: Se blese, se foulay, se san k'ap koule. Yo pa netwaye yo. Yo pa mete anyen sou yo. Yo pa panse yo pou kalme doulè yo.


Fè lespri pèp la vin lou! Bouche zòrèy yo! Mare je yo! Konsa, yo p'ap ka tande, yo p'ap ka wè, yo p'ap ka konprann. Yo p'ap ka tounen vin jwenn mwen pou m geri yo.


Lèfini, nou menm nou fè pi mal pase yo. Nou tout ap fè tèt di, n'ap swiv tout vye lide ki pase nan tèt nou, nou pa vle koute m.


Men, yo pat vle koute m, yo te bouche zòrèy yo. Yo fè sa ki nan lide yo, yo fè tèt di. Pase yo vin pi bon, yo vin pi mal.


Paske, lespri pèp sa a vin lou. Yo bouche zòrèy yo, yo fèmen je yo, pou yo pa wè ak je yo, pou yo pa tande nan zòrèy yo, pou yo pa konprann ak lespri yo, pou yo pa tounen vin jwenn mwen pou m geri yo. Se Bondye ki pale konsa.


Se nan kè l tout move lide sòti, lide touye moun, lide fè adiltè ak tout lòt bagay ki pa dakò ak volonte Bondye tankou lide vòlò, lide fè manti sou moun, lide bay manti.


Tande Jezi tande yo di sa, li reponn yo: — Moun lasante pa bezwen doktè. Se moun malad ki chache chemen doktè. Enben, mwen pa vin rele moun ki konnen yo bon. Mwen vini pou sila yo ki konnen se pechè yo ye.


Yo te konn Bondye byen pwòp, men yo pa bay Bondye lwanj ki pou li, yo pa di l mèsi jan l merite l la. Lekontrè, y'ap mete yon bann lide ki pa gen sans nan tèt yo, yo san konprann, fènwa fin plen kè yo.


Peche a pwofite okazyon an, li twonpe m ak kòmandman an. Se konsa, li fè mwen mouri ak tout kòmandman an.


Se sa ki fè, se pou nou chanje vye karaktè sa a ki t'ap fè nou viv jan nou t'ap viv nan tan lontan an, vye moun sa a ki te fin pèvèti nèt ak vye dezi l yo ki t'ap twonpe nou.


Frè m yo, atansyon pou okenn nan nou pa rive gen move santiman nan kè l ki pou fè l pèdi konfyans nan Bondye, pou lè sa a, li pa vire do bay Bondye vivan an.


跟着我们:

广告


广告