Jeremi 17:8 - 1998 Haïtienne8 L'ap tankou pyebwa yo plante bò larivyè. L'ap plonje rasin ni fon nan dlo. Li pa pè anyen lè sezon chalè rive paske fèy li ap toujou rete vèt. Te mèt gen yon lane sechrès, sa p'ap fè li anyen, l'ap toujou donnen. 参见章节Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen8 Paske li va tankou yon ab ki plante kote dlo, ki lonje rasin li akote yon sous dlo. Li p ap pè lè chalè a rive, men fèy li yo va vèt. Li p ap twouble nan ane sechrès la, ni sispann bay fwi. 参见章节 |
pou m'bay moun Siyon ki nan lafliksyon yo kè kontan nan plas lapenn yo, kontantman nan plas kè sere yo. Yon chante remèsiman nan bouch yo nan plas yon chante lapenn. Yo pral grandi tankou gwo pyebwa nan jaden Senyè a te plante ak men li. Yo pral fè sa ki dwat devan Bondye pou tout moun ka fè lwanj bèl pou vwa li.