Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 17:5 - 1998 Haïtienne

5 Men sa Senyè a di ankò: — Madichon pou moun ki vire do ban mwen pou mete konfyans yo nan moun parèy yo, pou konte sou sa moun ap fè pou yo.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Konsa pale SENYÈ a: “Modi se moun ki mete konfyans nan lòm, ki fè lachè vin fòs li, ak kè a sila ki tounen lwen SENYÈ a.

参见章节 复制




Jeremi 17:5
16 交叉引用  

Asa te gen trantnevan depi li te wa lè yon gwo maladi rann li enfim. Malgre sa, olye l'al chache gerizon nan men Senyè a, li pito al kay doktè.


Li menm, li konte sou fòs sòlda li yo. Nou menm, nou gen Senyè a, Bondye sèl Mèt la, pou ede nou, pou goumen pou nou. Lè pèp la tande pawòl sa yo sòti nan bouch Ezekyas, wa peyi Jida a, yo tout pran kouray.


(22) Mwen te obeyi lalwa Senyè a, mwen pa vire do bay Bondye m lan pou m fè sa ki mal.


(10) Wi, moun pa anyen. Grannèg? Se pawòl nan bouch. Mete yo ansanm nan balans, yo pa gen pèz. Yo pi lejè pase van k'ap soufle a.


Pa mete konfyans nou nan moun parèy nou! Talè yo pa pèdi souf yo, yo pa mouri! Lè sa a, kisa yo ka fè pou nou ankò?


Moun ki te konte sou peyi Letyopi ak moun ki t'ap fè lwanj peyi Lejip yo pral wont, yo pral dekouraje.


Ou al mete konfyans ou nan peyi Lejip! Yon baton wozo tou kase! Anvan ou apiye sou li, l'ap antre nan men ou, l'ap blese ou. Farawon an, wa peyi Lejip ou wè a, se konsa li ye pou tout moun ki fè l konfyans.


Verite disparèt. Si ou pa vle fè kou tout moun, se piye y'ap piye ou met sou li. Senyè a wè sa. Sa te fè l mal paske pat gen jistis nan peyi a.


W'a di yo men sa Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Madichon pou tout moun ki pa kenbe kondisyon ki nan kontra a.


Moun ki va chape yo va chonje m nan peyi kote y'ap depòte yo a. Y'a chonje mwen te pini yo paske, nan fon kè yo, yo te vire do ban mwen, mwen te fè yo wont paske yo te kole je yo sou yon vye zidòl. Y'ap gen pwòp tèt yo degoutans akòz bagay mal yo te fè pandan toutan yo te lage kò yo nan sèvi zidòl.


Premye fwa Senyè a t'ap bay Oze mesaj pou pèp Izrayèl la, li di li konsa: — Leve non! Ale pran yon fanm jennès marye avè li. Timoun w'ap fè ak li yo ap gen menm san jennès la. Paske tout peyi a nèt vire do ban mwen. Yo pa kenbe pawòl yo ak mwen.


跟着我们:

广告


广告