Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 17:4 - 1998 Haïtienne

4 Se nou menm ankò ki pral bay peyi mwen te ban nou an. M'ap fè nou tounen domestik lènmi nou yo, nan yon peyi nou pat janm konnen paske nou te fè m fache. Kòlè m tankou yon dife ki p'ap janm mouri.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Epi ou va menm pou kont ou, kite eritaj ke M te ba ou la. Konsa, Mwen va fè ou sèvi lènmi ou yo nan peyi ke ou pa konnen an; paske ou te limen nan kòlè Mwen yon dife ki va brile jis pou tout tan.

参见章节 复制




Jeremi 17:4
34 交叉引用  

lè sa a, m'ap wete pèp Izrayèl la nan peyi mwen ba yo a. M'ap vire do bay Tanp mwen te mete apa tankou kote pou yo fè sèvis pou mwen an. Moun toupatou va pase pèp Izrayèl la nan betiz, y'a fè chante sou li.


Wa a fè bat yo, lèfini, li fè touye yo lavil Ribla nan peyi Amat. Se konsa yo te depòte moun Jida yo byen lwen peyi yo.


Men, kou ou ba yo yon ti souf, yo konmanse ap fè sa ki mal ankò devan ou. Ou lage yo nan men lènmi ki t'ap kraze yo. Lè sa a ankò, yo pran rele nan pye ou. Ou menm menm, ou rete nan syèl la, ou reponn yo. Ou sitèlman gen bon kè, se pa ni de ni twa fwa ou delivre yo.


Senyè a va fè nou jwenn repo apre tout tray, tout tribilasyon ak tout mizè yo te fè nou pase.


Depi lontan yo te pare yon gwo twou pou dife boukan an. Se ladan l yo pral boule wa a. Yo fè twou a byen fon, byen laj. Yo plen l bwa. Senyè a pral soufle yon flanm dife melanje ak souf sou li pou boule l.


Se sa ki fè tou, Senyè a te fache anpil sou pèp li a. Li te leve men l sou yo, li frape yo. Lè sa a, mòn yo tranble. Kadav moun mouri yo ap trennen nan mitan lari tankou fatra. Men, se poko sa toujou! Se atò Senyè a move. Li poko fin ak yo.


Men nou tout k'ap pouse dife, k'ap fè plan pou detwi lòt moun, se nou menm ki pral boule nan dife nou limen an, se nou menm ki pral pran nan plan n'ap fè yo. Se Senyè a menm ki pral fè sa rive nou: Nou pral tòde ak doulè nan kabann nou.


Lè y'ap kite lavil la, y'a wè kadav moun ki te vire do ban mwen yo. Vè k'ap manje yo p'ap janm mouri. Dife k'ap boule yo a p'ap janm tenyen. Tout moun ki va wè sa ap gen gwo boulvès!


Senyè a di ankò: — Mwen lage pèp Izrayèl la, mwen voye pèp mwen te chwazi a jete, mwen lage pèp mwen te renmen anpil la nan men lènmi yo.


M'ap fè nou tounen domestik lènmi nou yo nan yon peyi nou pa konnen, paske nou fè m fè kòlè. Tankou yon dife m'ap boule nou.


Se konsa, m'ap mete nou dèyò nan peyi sa a, m'ap voye nou nan yon peyi ni nou menm ni zansèt nou yo pat janm konnen. Se la nou pral sèvi lòt bondye lajounen kou lannwit. Mwen p'ap fè pa nou ankò.


Men ou menm, Senyè, ou konnen tout konplo y'ap fè pou touye m'. Pa padonnen mechanste yo. Pa janm padonnen peche yo. Se pou yo tonbe atè devan je ou. Lè ou ankòlè, regle ak yo.


Se pa esklav moun pèp Izrayèl yo ye. Ni yo pa fèt nan esklavaj. Poukisa atò lènmi ap bwote yo ale konsa?


Nou menm ki sòti nan branch fanmi wa David la, men sa Senyè a voye di nou. Rann tout moun jistis chak jou. Pwoteje moun y'ap peze yo, wete yo anba ponyèt moun k'ap peze yo a. Si nou pa fè sa, mwen pral fè kòlè sou nou. M'ap boule nou tankou dife moun pa ka touye, paske nou fè anpil mechanste.


Moun yo rele Jekonya a, eske li tounen yon kannari kraze y'ap voye jete, yon kannari pèsonn pa bezwen? Poukisa yo depòte ni li ni pitit li yo nan peyi yo pat janm konnen?


Lè y'a mande poukisa Senyè a, Bondye yo a, ap fè yo sibi tou sa, w'a di yo: Menm jan yo te vire do ban mwen pou y'al sèvi bondye moun lòt nasyon yo isit nan pwòp peyi yo a, konsa tou, nou pral sèvi moun lòt nasyon yo nan yon peyi ki pa pou nou.


Atò, pou m pa ta pini yo pou sa? Pou m pa ta pran revanj mwen sou yon nasyon konsa? Se mwen menm, Senyè a, ki di sa.


Se poutèt sa, men sa mwen menm, Senyè ki gen tout pouvwa a, mwen di: Mwen pral pase gwo kòlè m ni sou Tanp lan, ni sou moun, ni sou bèt, ni sou pyebwa, ni sou rekòt yo. Kòlè mwen pral tankou yon dife pèsonn p'ap ka tenyen.


Nou tout k'ap pase la a, gade non! Sa pa di nou anyen? Pèsonn pa janm pase sa m'ap pase la a. Se Bondye, Senyè a, ki ankòlè k'ap manyen avè m.


Peyi nou an nan men moun lòt nasyon! Yo pran kay nou pou yo.


M'ap fè ou santi jan m move. Tankou yon gwo dife k'ap boule, m'ap soufle sou ou, m'ap lage ou nan men lwijanboje yo ki pa konnen pase kraze moun.


M'ap fè pèp ki pi mechan sou latè a mache sou yo, y'ap pran tout kay yo pou yo. M'ap kraze lògèy lwijanboje yo, lè moun sa yo va derespekte tout kote yo te konn fè sèvis pou zidòl yo.


L'a fè lènmi nou yo bat nou. N'a pran yon sèl chemen ansanm pou n atake yo. Men, n'a gaye toupatou lè n'a pran rak devan yo. Tout moun sou latè pral mete men nan tèt lè y'a wè sa ki rive nou.


跟着我们:

广告


广告