Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 17:3 - 1998 Haïtienne

3 Nou menm k'ap fè sèvis sou mòn yo, nan mitan pyebwa yo, m'ap fè moun vin piye richès nou yo ak trezò nou yo poutèt peche nou te fè sou mòn yo toupatou nan peyi a.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 O mòn nan vil andeyò Mwen an, Mwen va bay yo tout richès ou yo ak tout trezò ou yo kon piyaj, wo plas ou yo pou peche, nan tout lizyè ou yo.

参见章节 复制




Jeremi 17:3
23 交叉引用  

Li pran tout richès ki te nan Tanp Senyè a ak nan palè wa a. Li kraze tout bèl bagay lò, Salomon, wa Izrayèl la, te fè pou sèvi nan Tanp Senyè a, jan Senyè a te konn fè sa depi lontan an.


Yo fè l fache paske yo bati tanp pou lòt bondye yo, yo pòte l fè jalouzi poutèt vye zidòl yo.


Men, pou l padonnen peche pèp Izrayèl la, se pou tout wòch lotèl zidòl yo tounen pousyè lacho, se pou yo kraze tout estati zidòl yo ansanm ak lotèl kote yo boule lansan pou yo. Se konsa li p'ap fè yo peye pou sa yo fè a.


Moun sòti lòt bò mòn ki nan dezè a vin piye. Paske Senyè a voye lagè pou detwi tout peyi a nèt. Pèsonn pa ka viv ak kè poze.


Senyè a di m ankò: — M'ap pran tout richès ak tout trezò pèp mwen an, m'ap lage yo nan piyay. Se konsa yo pral peye pou tout peche yo te fè toupatou nan peyi a.


M'ap fè lènmi yo piye tout richès ki nan lavil la, tou sa moun yo travay fè, tout bèl bagay koute chè yo sere, ata trezò wa Jida yo. M'ap lage tou sa nan men lènmi yo. Yo pral piye yo, y'ap pran tou sa yo genyen pote ale lavil Babilòn.


Nou menm moun Jerizalèm ki chita nan fon an, tankou gwo wòch nan mitan yon plenn, mwen menm Senyè a, mwen pral regle nou. N'ap plede di: Pa gen moun ki ka atake nou, pa gen moun ki ka antre kote n kache a.


— Sou reny Ezekyas, wa peyi Jida a, pwofèt Miche, moun lavil Morechèt la, te bay tout pèp peyi Jida a mesay sa a: Men sa Senyè ki gen tout pouvwa a di: N'ap lakòz peyi Siyon an pral tankou yon jaden y'ap raboure. Jerizalèm ap tounen yon mazi. Gwo rakbwa pral kouvri tout mòn kote Tanp lan ye a.


Lènmi l yo vòlò tout bèl bagay li te genyen. Moun Bondye te defann mete pye nan Tanp lan, li wè yo antre ata kote yo mete apa pou Bondye a.


M'ap lage ou nan men yo, yo pral demoli dènye lotèl repozwa ou fè pou zidòl ou yo, kote w'ap fè jennès la. Y'ap wete tout rad sou ou, y'ap pran tout bijou ou yo, y'ap kite ou toutouni.


Men sa Senyè sèl Mèt la di ankò: Sanble yon foul moun pou mache sou yo, pou fè yo pè, pou piye tou sa yo genyen!


W'a di moun nan mòn peyi Izrayèl yo: Koute mesay Senyè a, Bondye Sèl Mèt la. Men sa li di moun nan mòn yo, nan ti mòn yo, nan ravin yo ak nan fon yo. Mwen pral voye lènmi atake nou ak nepe pou detwi tout kote nou konn fè sèvis pou zidòl yo.


M'a detwi tout kay nou bati sou tèt mòn pou fè sèvis, m'a kraze lotèl lansan nou yo mete atè, m'a anpile kadav nou yo atè sou moso estati vye zidòl nou yo. N'a ban m degoutans.


Se konsa, n'ap làkòz peyi Siyon an pral tankou yon jaden y'ap raboure. Jerizalèm ap tounen mazi. Gwo pyebwa pral kouvri tout mòn kote Tanp lan ye a.


Se sa yo kwè! Y'ap piye tout richès yo, y'ap kraze tout kay yo. Y'ap bati kay, men yo p'ap menm gentan antre ladan yo. Y'ap plante pye rezen, men yo p'ap menm gentan pran fre diven an.


跟着我们:

广告


广告