Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 17:2 - 1998 Haïtienne

2 pou pitit yo ka chonje tout lotèl yo ak tout poto repozwa yo plante bò pyebwa plen fèy sou tèt mòn yo.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Menm jan yo sonje pitit pa yo, se konsa yo sonje lotèl pa yo, ak Asherim sou kote bwa vèt, sou wo kolin yo.

参见章节 复制




Jeremi 17:2
15 交叉引用  

Se konsa pèp la sispann sèvi Bondye zansèt yo nan Tanp Senyè a, yo tanmen fè sèvis pou estati Achera yo ak pou lòt zidòl. Poutèt peche sa a, Senyè a fache anpil sou peyi Jida ak sou lavil Jerizalèm.


Lapriyè wa a te fè a, repons Bondye te ba li, tout peche l yo, jan li te vire do bay Bondye, tout kote li te bati pou zidòl yo, estati Achera ak estati lòt zidòl li te fè fè pou l te ka sèvi anvan li te rekonèt peche li yo, nou jwenn tou sa ekri nan Liv Istwa pwofèt Ozayi a.


Li rebati tanp bondye lòt nasyon Ezekyas, papa l, te fè kraze yo. Li bati lotèl pou Baal, li fè yon estati Achera. Lèfini, li adore dènye zetwal ki nan syèl la, li fè sèvis pou yo.


Yo fè l fache paske yo bati tanp pou lòt bondye yo, yo pòte l fè jalouzi poutèt vye zidòl yo.


Okontrè, se pou nou kraze lotèl yo, dechouke tout vye wòch moniman yo te kanpe. Koupe tout poto bwa yo te plante pou zidòl yo.


N'a wont akòz gwo pye bwadchenn repozwa nou te konn sèvi yo, akòz bèl jaden nou te plante pou zidòl yo.


Yo p'ap vire tèt yo bò lotèl zidòl yo te fè ak men yo. Yo p'ap leve je yo gade poto yo te mete kanpe pou Achera, zidòl fanm lan, ak lotèl kote y'ap boule lansan an.


Izrayèl, gen lontan depi ou pa rekonèt otorite m ankò! W'ap manje kòd, w'ap di: Mwen p'ap sèvi Senyè a. Lèfini, sou tout ti mòn anba tout gwo pyebwa ou nan dezòd, w'ap fè sèvis pou lòt bondye.


Se pou gremesi nou t'ap fè tout bri sa yo sou tèt mòn yo. Yo pa ka fè anyen pou nou. Wi, se Senyè a, Bondye nou an, sèl ki ka sove pèp Izrayèl la.


Yon lòt fwa Senyè a pale avè m ankò. Lè sa a, se Jozyas ki te wa nan peyi Izrayèl. Senyè a di m konsa: — Ou wè sa peyi Izrayèl la fè? L'ap twonpe m. Lale sou tout gwo mòn yo, anba tout kalite gwo pyebwa, tankou yon jennès ak nonm li yo, l'ap fè sèvis pou lòt bondye.


Timoun yo ap ranmase bwa. Mesye yo ap limen dife. Medam yo ap bat farin fè gato pou Larenn syèl la. Y'ap jete diven pou lòt bondye. Y'ap fè tou sa pou fawouche mwen.


Mwen mennen yo nan peyi mwen te pwomèt m'ap ba yo a. Lè yo wè gwo mòn yo ak bèl pyebwa tou vèt yo, se la yo touye bèt yo ofri pou zidòl yo. Yo fè ofrann grenn jaden ki fè m fache sou yo. Yo boule ofrann pou fè zidòl yo plezi ak bon sant yo, yo vide diven atè pou yo.


Nan peyi nou pral pran pou nou an, se pou nou kraze tout kote moun yo te konn sèvi bondye yo sou gwo mòn wo yo, sou ti bit mòn yo, anba pyebwa vèt yo.


Moun pèp Izrayèl yo tanmen fè bagay ki te mal nan je Senyè a. Yo bliye Senyè a, Bondye yo a, yo pran fè sèvis pou Baal yo ak Achera yo.


跟着我们:

广告


广告