Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 17:1 - 1998 Haïtienne

1 Senyè a di: — Yo ekri peche moun Jida yo ak biren. Yo make yo nan kè nou ak pwent dyaman. Yo grave sou kat pwent lotèl nou yo,

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Peche a Juda ekri ak yon plim fèt an fè, ak yon pwent dyaman. Li grave sou tablo kè yo, ak sou kòn lotèl pa yo.

参见章节 复制




Jeremi 17:1
15 交叉引用  

Se pou ou toujou viv byen ak tout moun. Se pou ou toujou gen yon sèl pawòl. Mete pawòl mwen yo nan kou ou tankou yon kolye, kenbe yo nan kè ou pou ou pa janm bliye yo.


Mete li nan tout dwèt ou tankou bag, kenbe li nan kè ou pou ou pa janm bliye l.


Non nou tanpe nan plamen mwen. Nou pa janm soti nan lespri mwen.


Nou menm moun peyi Jida, nou gen yon bondye pou chak lavil nan peyi a! Nou menm moun lavil Jerizalèm, mezi lari nou genyen se mezi lotèl nou bati pou boule ofrann pou Baal, zidòl k'ap fè nou wont la!


Ou te mèt lave kò ou ak gwo savon, ou te mèt fwote kò ou ak potas, m'ap toujou wè kras malpwòpte ou yo sou ou. Se mwen menm Senyè a, Bondye a, ki di sa.


Men kontra mwen pral pase ak pèp Izrayèl la. Se Senyè a menm ki di sa. Lè sa a, m'ap mete prensip mwen yo anndan kè yo, m'ap make lòd mwen yo nan lespri yo. M'a tounen Bondye pou yo, y'a tounen yon pèp pou mwen.


Moun Jerizalèm, lave mechanste ki nan kè nou pou nou ka sove. Kilè n'a sispann fè move lide nan tèt nou?


Pèp la ap adore zidòl lavil Galarad. Men, sa p'ap sèvi yo anyen. Y'ap ofri towo bèf lavil Gilgal. Men, lotèl yo ap tounen pil wòch nan jaden y'ap pare.


Men, yo pa janm mete nan tèt yo m'ap toujou chonje tou sa yo fè. Men, yo kanpe nan mitan tout mechanste yo la devan je mwen.


Atout moun Efrayim yo bati lotèl toupatou pou wete peche, se menm lotèl sa yo ki fè yo tonbe pi rèd nan peche.


Prèt la va tranpe dwèt li nan san bèt yo ofri pou peche a, l'a mete san sou kat kòn lotèl kote yo boule bèt yo ofri bay Bondye yo, l'a vide rès san an nan pye lotèl la.


Yo fè kè yo di kou wòch pou yo pa tande lòd ak mesay mwen menm, Senyè ki gen tout pouvwa a, mwen te voye ba yo. Se Lespri Senyè a menm ki te mete nan bouch pwofèt tan lontan yo mesay sa yo. Se konsa Senyè ki gen tout pouvwa a te move anpil sou yo.


Wi, se bagay ki klè, nou menm moun Korent, nou se yon lèt Kris la menm te ekri ban m' pote. Li pa te ekri li ak lank sou wòch, men li ekri li ak Lespri Bondye vivan an nan lavi nou.


跟着我们:

广告


广告