Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 16:5 - 1998 Haïtienne

5 Wi, men sa Senyè a di ankò: — Pa antre nan kay kote ki gen lanmò. Pa kriye pou pèsonn! Pa moutre moun sa yo ou nan lapenn pou yo, paske mwen p'ap kite yo ak kè poze ankò. Se mwen Senyè a ki di sa. Mwen p'ap gen pitye pou yo ankò. Mwen p'ap fè byen pou yo ankò.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Paske konsa pale SENYÈ a: “Pa antre nan kay doulè a, ni pa ale kriye pou yo! Pa regret yo! Paske Mwen te retire lapè M de pèp sa a,” deklare SENYÈ a: “lanmou Mwen ak konpasyon Mwen.”

参见章节 复制




Jeremi 16:5
13 交叉引用  

Senyè, chonje jan ou gen kè sansib, chonje jan ou renmen nou depi nan tan lontan.


Branch bwa yo cheche, yo kase. Medam yo ranmase yo pou fè dife. Paske pèp la pat konprann anyen, Bondye ki te kreye l la p'ap gen pitye pou li. Bondye ki te fè l la p'ap fè l gras.


Moun sòti lòt bò mòn ki nan dezè a vin piye. Paske Senyè a voye lagè pou detwi tout peyi a nèt. Pèsonn pa ka viv ak kè poze.


Apre sa, m'ap frape yo yonn ak lòt pou yo kraze, granmoun kou timoun, tout ansanm. M'ap san pitye, mwen p'ap kite yonn chape. Mwen p'ap pran priyè, m'ap touye yo tout.


Se konsa, m'ap mete nou dèyò nan peyi sa a, m'ap voye nou nan yon peyi ni nou menm ni zansèt nou yo pat janm konnen. Se la nou pral sèvi lòt bondye lajounen kou lannwit. Mwen p'ap fè pa nou ankò.


Mwen pa konn sa yo rele kèpoze. Mwen bliye gou kè kontan.


Paske, anvan jou sa yo, pat gen travay ni pou moun ni pou bèt. Pèsonn pat ka ale vini ak kè poze nan peyi a poutèt lènmi yo. Mwen te fè moun leve yonn kont lòt.


Lè sa va rive, m'a fè yon sèl kòlè anwo yo, m'a lage yo tout, mwen p'ap okipe yo ankò. Se peri y'a peri. Tout kalite malè ak lafliksyon pral tonbe sou yo. Se lè sa a y'a blije rekonèt se paske Bondye yo a pa la nan mitan yo ankò kifè tout malè sa yo rive yo.


Lè sa a, yon lòt chwal koulè wouj sòti. Moun ki te moute l la resevwa pouvwa pou l mete lagè toupatou sou latè, pou lèzòm ka yonn touye lòt. Yo ba l yon gwo nepe kenbe nan men li.


跟着我们:

广告


广告