Jeremi 15:9 - 1998 Haïtienne9 Manman ki pèdi sèt pitit la tonbe san konesans. Souf li kout. Gwo midi, solèy kouche pou li. Li wont, li pa konn sa pou l fè ankò. M'ap lage sa ki vivan toujou nan nou yo nan men lènmi k'ap touye yo. Se mwen menm Senyè a ki di sa. 参见章节Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen9 Sila ki te fè sèt pitit gason te vin chagren; li te rale denyè souf. Solèy pa li te vin desann nan mitan lajounen; li te soufri wont e li te menm imilye. Konsa, Mwen va remèt sila ki chape de nepe yo devan lènmi yo,” deklare SENYÈ a. 参见章节 |
Apre sa, - se mwen menm Senyè a ki di sa - m'ap pran nou tout, ni Sedesyas, wa peyi Jida a, ni chèf li yo, ni rès moun ki pa mouri nan lagè, nan grangou ak anba maladi yo, m'ap lage nou nan men Nebikadneza, wa Babilòn lan, nan men lènmi ki sòti pou touye nou yo. Y'ap touye nou anba kout nepe. Yo p'ap kite yonn nan nou chape. Yo p'ap gen pitye pou pèsonn, yo p'ap pran priyè.