Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 15:8 - 1998 Haïtienne

8 Mwen fè gen plis madanm ki pèdi mari yo nan peyi a pase gen grenn sab bò lanmè. Mwen touye jenn gason nou yo ki te fenk parèt nan lavi a. Mwen mete manman yo nan lapenn. M rete konsa m ba yo kè sere ak kè sote.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Vèv pa yo vin plis ke grenn sab lanmè devan Mwen. Mwen te fè parèt kont yo; kont manman a yon jennonm, yon destriktè a midi. Mwen te sibitman fè desann sou li gwo doulè ak sezisman.

参见章节 复制




Jeremi 15:8
15 交叉引用  

Tout mesye yo pral mouri nan lagè. Tout sòlda yo pral mouri nan batay.


Moun pral plenn nan pòtay lavil yo, y'ap nan lapenn. Lavil la ap tankou yon fanm ki chita tris atè akoz li pèdi tou sa li genyen.


Jou sa a, sèt fanm pral kouri dèyè yon sèl gason, y'a di li: Nou ka reskonsab tèt nou. Men tanpri, kite nou di se mari nou ou ye pou nou pa wont devan moun!


Paske se mwen menm Senyè a k'ap di ou sa ki pral rive pitit gason ak pitit fi ki fèt isit la, sa ki pral rive manman ak papa k'ap fè pitit nan peyi a.


Kounyeya, Senyè, se pou ou fè pitit yo mouri grangou. Se pou ou kite yo mouri anba kout nepe. Se pou madanm yo pèdi pitit yo ansanm ak mari yo. Se pou maladi lapès touye mesye yo. Se pou jenn gason yo mouri nan lagè.


M'ap voye moun ak rach vin detwi nou Y'ap fann tout bèl bwa sèd nou bati kay nou yo. Yo pral voye yo nan dife.


Y'ap avèti tout nasyon yo. Y'ap fè lavil Jerizalèm konnen sa k'ap rive l. Lènmi ap sòti nan yon peyi byen lwen. Y'ap rele byen fò, y'ap kouri sou lavil Jida yo.


Se poutèt sa lyon ki nan rakbwa ap devore yo. Chen mawon ki nan savann ap dechèpiye yo. Leyopa ap anvayi lavil yo. Si yon moun mete tèt deyò, y'ap depatya li. Paske yo fè anpil peche. Se tout tan y'ap twonpe Bondye!


Senyè a pale ak pèp li a, li di l: — Mete rad sak sou nou. Woule kò nou nan sann dife. Se pou nou gen lapenn tankou si nou te pèdi sèl pitit gason nou te genyen. Se pou nou plenn ak de ran dlo nan je nou. Paske moun k'ap vin detwi nou an ap atake nou san avèti.


Nou se timoun san papa. Manman nou tankou fanm ki pèdi mari yo.


Chèf ki rete nan peyi a tankou lyon k'ap gwonde bò yon bèt yo fin touye. Yo devore moun, yo pran tout richès ak tout byen yo jwenn. Se pa de fanm yo kite san mari.


Gwo lajounen, n'ap fè sa nou pat dwe fè. Lannwit menm, ata pwofèt yo ap fè tankou nou. Se fini m'ap fini ak pèp la ki tankou yon manman sitirèz pou nou.


Paske, jou sa a ap tonbe tankou yon privye sou tout moun ki rete sou latè.


跟着我们:

广告


广告