Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 15:5 - 1998 Haïtienne

5 Senyè a di: — Ki moun ki va gen pitye pou nou, nou menm moun lavil Jerizalèm? Ki moun ki va pran lapenn pou nou? Ki moun ki va kite sa y'ap fè pou vin pran nouvèl nou?

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 “Anverite, se kilès k ap gen pitye pou ou, O Jérusalem? Oswa kilès k ap fè gwo kri pou ou? Oswa k ap vire sou kote pou mande si ou byen?

参见章节 复制




Jeremi 15:5
15 交叉引用  

Nou se zanmi m. Pitye pou mwen! Pitye! Se Bondye menm ki leve men sou mwen.


(21) Yo di m gwomo jouk yo kraze kouray mwen. Mwen santi se mouri m'ap mouri. Mwen te kwè ta gen moun ki ta gen pitye pou mwen, men pèsonn pa vini. Mwen te kwè ta gen moun ki ta vin konsole m, pèsonn pa parèt.


Moyiz sòti al kontre bòpè li, li bese tèt li jouk atè devan l pou di li bonjou, epi li bo l. Yonn mande lòt ki jan yo ye, epi yo antre anba tant Moyiz la.


De malè tonbe sou ou yonn dèyè lòt. Ki moun ki ka plenn sò ou? Yo ravaje peyi a, yo fini avè li. Grangou ak lagè fin detwi moun yo. Ki moun ki ka konsole ou?


Apre sa, m'ap frape yo yonn ak lòt pou yo kraze, granmoun kou timoun, tout ansanm. M'ap san pitye, mwen p'ap kite yonn chape. Mwen p'ap pran priyè, m'ap touye yo tout.


Wi, men sa Senyè a di ankò: — Pa antre nan kay kote ki gen lanmò. Pa kriye pou pèsonn! Pa moutre moun sa yo ou nan lapenn pou yo, paske mwen p'ap kite yo ak kè poze ankò. Se mwen Senyè a ki di sa. Mwen p'ap gen pitye pou yo ankò. Mwen p'ap fè byen pou yo ankò.


Apre sa, - se mwen menm Senyè a ki di sa - m'ap pran nou tout, ni Sedesyas, wa peyi Jida a, ni chèf li yo, ni rès moun ki pa mouri nan lagè, nan grangou ak anba maladi yo, m'ap lage nou nan men Nebikadneza, wa Babilòn lan, nan men lènmi ki sòti pou touye nou yo. Y'ap touye nou anba kout nepe. Yo p'ap kite yonn nan nou chape. Yo p'ap gen pitye pou pèsonn, yo p'ap pran priyè.


Mòn Siyon an lonje men l, men, pa gen pèsonn pou ba l kouray. Senyè a rele tout moun ki pa vle wè peyi Jakòb la, pou yo sènen l toupatou. Lavil Jerizalèm tounen malpwòpte nan mitan yo.


Tout moun ki va wè ou va kouri byen lwen ou. Y'a di: Lavil Niniv fini! Ki moun ki va gen pitye pou li? Pa gen pèsonn ka vle vin kenbe rèl la avè l.


Yo fè yon ti chankre, yo antre lakay Mika, kote jenn moun fanmi Levi a te rete a. Yo mande l nouvèl li.


Y'a di ou bonjou, y'a ba ou de nan pen yo. W'a pran yo nan men yo.


David kite manje li te pote a nan men nonm ki te reskonsab pwovizyon yo, li kouri kote batay la ta pral mare a, l'al jwenn frè li yo. Li mande yo nouvèl yo.


Li voye dis jenn gason bò kote l. Li di yo konsa: — Moute lavil Kamèl, ale lakay Nabal, n'a di l mwen voye bonjou pou li.


跟着我们:

广告


广告