Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 15:4 - 1998 Haïtienne

4 M'ap fè tout nasyon sou latè sezi lè y'a wè sa ki rive yo poutèt sa Manase, pitit gason Ezekyas la, te fè nan lavil Jerizalèm lè li te wa nan peyi Jida a.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Mwen va fè yo yon objè sezisman pami tout wayòm latè yo, akoz Manassé, fis a Ézéchias la, wa Juda a, pou sa li te fè Jérusalem nan.”

参见章节 复制




Jeremi 15:4
19 交叉引用  

Manase te gen douzan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan senkannsenkan. Manman l te rele Efziba.


M'ap fè pèp mwen an sa paske yo fè sa ki mal devan m, yo fè m fache anpil depi jou zansèt yo te sòti kite peyi Lejip jouk jounen jòdi a.


Li fè sa ki mal devan Senyè a, dapre vye prensip kriminèl lòt nasyon Senyè a te mete deyò pou fè plas pou moun pèp Izrayèl yo.


Manase te gen douzan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan senkannsenkan.


Li fè sa ki mal devan Senyè a, dapre vye prensip kriminèl lòt nasyon Senyè a te mete deyò pou fè plas pou moun pèp Izrayèl yo.


Mwen pral mennen yon sèl malè sou yo. Tout lòt nasyon ki sou latè a pral tranble lè y'a wè sa. Moun pral pase yo nan betiz, yo pral rakonte istwa sou yo. Yo pral mete yo nan chante. Y'ap pran non yo pou sèvi jouman, pou bay madichon nan tout peyi kote mwen pral gaye yo.


M'ap rete la dèyè yo ak lagè, grangou, move maladi. Tout nasyon sou latè pral sezi lè y'a wè sa ki rive yo. Nan tout peyi kote mwen pral gaye yo, moun pral fè sezisman, y'ap mete men nan tèt lè y'a wè yo. Y'a pran non yo pou sèvi jouman, pou bay moun madichon.


Se poutèt sa, mwen menm Senyè a, mwen di nou pa koute m, nou pa bay moun pèp Izrayèl parèy nou yo libète yo. Enben, mwen menm Senyè a, m'ap ban nou libète pou nou mouri nan lagè, nan grangou, osinon anba move maladi.


Mwen pral gaye yo nan mitan yon bann nasyon ni yo menm ni zansèt yo pat janm konnen. Mwen pral voye lènmi fè yo lagè jouk mwen fin touye yo nèt.


Lavil Jerizalèm fè anpil peche! Li bay moun degoutans. Moun ki te gen respè pou li yo, yo pa pran li pou anyen koulyeya. Li kanpe devan yo tankou yon fanm ki toutouni. Li menm l'ap plenn, l'ap bouche figi li afòs li wont.


N'a mande nan kè nou: Poukisa yon pitit pa peye pou peche papa li te fè a? Men repons la. Se paske pitit la te mache dwat devan Bondye, li fè sa li te dwe fè. Li mache sou lòd mwen bay, li fè tou sa mwen mande pou moun fè, kifè l'ap viv.


Men sa Senyè sèl Mèt la di ankò: Sanble yon foul moun pou mache sou yo, pou fè yo pè, pou piye tou sa yo genyen!


M'ap mennen lènmi nou yo vin fè nou lagè. M'ap leve moun dèyè nou pou vin fè nou lagè. M'ap gaye nou nan mitan lòt peyi etranje yo. Peyi a va tounen yon dezè. Lavil nou p'ap gen pèsonn rete ladan yo.


L'a fè lènmi nou yo bat nou. N'a pran yon sèl chemen ansanm pou n atake yo. Men, n'a gaye toupatou lè n'a pran rak devan yo. Tout moun sou latè pral mete men nan tèt lè y'a wè sa ki rive nou.


Senyè a va gaye nou nan mitan tout nasyon ki toupatou sou latè. Lè n'a rive la, n'a sèvi lòt bondye ni zansèt nou yo, ni nou menm nou pat janm tande pale, zidòl fèt an bwa, zidòl fèt ak wòch.


跟着我们:

广告


广告