Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 15:1 - 1998 Haïtienne

1 Lè sa a, Senyè a di m konsa: — Menm si Moyiz ak Samyèl ta kanpe la pou plede avè m pou yo, mwen pa t'ap gen pitye pou pèp sa a. Wete yo devan je m. Fè yo ale.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Alò, SENYÈ a te di mwen: “Menm si Moïse ak Samuel te kanpe devan M, kè M pa t ap avèk pèp sa a. Voye yo sòti nan prezans Mwen! Kite yo ale nèt!

参见章节 复制




Jeremi 15:1
32 交叉引用  

Nan granmaten, Abraram leve, l'ale kote li te kanpe ap pale ak Senyè a.


Se poutèt sa Senyè a vire do bay dènye moun nan ras Izrayèl la. Li fè yo wont, li lage yo nan men yon bann piyajè, jouk li wete yo devan je l.


Se konsa Bondye di l'ap detwi pèp li a. Men, Moyiz, moun li te chwazi a, kanpe devan li. Li mande l pou l pa fè kòlè jouk pou li ta detwi yo.


Moyiz ak Arawon te fè pati prèt li yo! Samyèl te yonn nan moun ki te sèvi l yo! Tout twa te rele Senyè a, li te reponn yo.


Wa a kontan lè moun k'ap travay avè l yo fè travay yo byen. Men, l'ap move sou moun k'ap fè travay yo mal.


Men sa Senyè a di nou: Fwa sa a mwen pral mete nou deyò nan peyi a. M'ap bare chemen nou pou nou yonn pa chape.


Ou menm, Jeremi, ou pa bezwen vin plede pou moun sa yo. Ou pa bezwen plenyen pou yo, ni ou pa bezwen lapriyè pou yo. Paske y'a rele nan pye m lè malè a va rive sou yo, mwen p'ap tande yo.


Apre sa, Senyè a di m konsa: — Pa vin mande m pou m fè anyen pou pèp sa a.


Yo te mèt boule bèt pou mwen ak rekòt jaden yo, sa p'ap ka fè mwen kontan ak yo. Okontrè mwen pral fè yo mouri nan lagè, nan grangou ak anba maladi.


Men sa Senyè a reponn mwen: — Si ou tounen vin jwenn mwen, m'ap resevwa ou, w'a kanpe devan m ankò pou ou sèvi m. Si ou sispann pale anlè pou se bon pawòl k'ap sòti nan bouch ou ase, m'a fè ou pale pou mwen ankò. Lè sa a, se pèp la ki va tounen vin jwenn ou. Ou p'ap bezwen al dèyè yo.


Se konsa, m'ap mete nou dèyò nan peyi sa a, m'ap voye nou nan yon peyi ni nou menm ni zansèt nou yo pat janm konnen. Se la nou pral sèvi lòt bondye lajounen kou lannwit. Mwen p'ap fè pa nou ankò.


Wi, men sa Senyè a di ankò: — Pa antre nan kay kote ki gen lanmò. Pa kriye pou pèsonn! Pa moutre moun sa yo ou nan lapenn pou yo, paske mwen p'ap kite yo ak kè poze ankò. Se mwen Senyè a ki di sa. Mwen p'ap gen pitye pou yo ankò. Mwen p'ap fè byen pou yo ankò.


Lè yon moun fè ou byen, eske se mal pou ou fè li? Yo fouye yon twou pou fè m tonbe ladan l. Chonje jan m te kanpe devan ou pou m te pale pou yo, pou m te mande ou pa fè kòlè sou yo.


Moun yo rele Jekonya a, eske li tounen yon kannari kraze y'ap voye jete, yon kannari pèsonn pa bezwen? Poukisa yo depòte ni li ni pitit li yo nan peyi yo pat janm konnen?


m'ap pran nou leve anlè, m'ap voye nou jete byen lwen mwen, ni nou, ni lavil mwen te bay pou nou ansanm ak pou zansèt nou yo.


Se poutèt sa, men sa mwen menm Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, mwen di: Va toujou gen yon gason nan fanmi Jonadab, pitit Rekab la, pou sèvi mwen.


Se konsa, Senyè a te fache ni sou moun lavil Jerizalèm yo, ni sou moun peyi Jida yo, jouk jou li wete yo devan je l. Sedesyas te pran lezam kont Nebikadneza, wa Babilòn lan.


Tande rèl moun yo sou mòn Siyon an. — Woy! Woy! Gade jan nou fini! Ala wont nou wont! Se pou nou kite peyi nou an! Yo kraze tout kay nou yo.


Si twa moun dwat sa yo, Noye, Danèl ak Jòb, ta nan mitan yo, se yo menm ase ki t'ap sove lavi yo, paske se yo ki te mache dwat. Se mwen menm, Senyè sèl Mèt la, ki di sa.


Mwen chache nan mitan yo yon moun ki ta ka bati yon miray, ki ta ka kanpe kote miray yo ap kraze a, pou pran defans peyi a lè m'a fè kòlè pou m detwi l, men mwen pa jwenn pèsonn.


Senyè a di konsa: Mechanste pèp la konmanse depi nan peyi Gilgal. Se la menm mwen konmanse rayi yo. Yo fè twòp move zak. Se poutèt sa, m'ap mete yo deyò nan peyi mwen an. Mwen p'ap renmen yo ankò, paske tout chèf yo se yon bann wòklò.


Jozye te kanpe la devan zanj Senyè a, ak rad li tou sal.


Mwen te lapriyè Senyè a pou nou, mwen di l konsa: O Senyè, Bondye mwen, tanpri! Pa detwi pèp ou a, pèp ki rele ou pa ou la, pèp ou te delivre ak pouvwa ou la, pèp ou te fè sòti kite peyi Lejip ak fòs ponyèt ou a.


Kris la pat antre nan yon kay moun te bati pou Bondye sou modèl kay Bondye a. Li antre nan syèl la menm, kote li kanpe kounyeya devan Bondye pou nou.


Mwen kontan chèf k'ap konmande pèp Izrayèl la! Mwen kontan moun ki te pote tèt yo pou y'al goumen! Lwanj pou Senyè a!


Yo tout di Samyèl konsa: — Tanpri, mèt, lapriyè Senyè a, Bondye ou la, pou nou pa mouri. Paske nou mete sou peche nou te fè deja yo, lè nou te mande yon wa pou gouvènen nou.


Mwen menm, mande Bondye padon! mwen p'ap sispann lapriyè pou nou. Se ta yon gwo peche mwen ta fè devan Senyè a si m ta fè sa. M'a moutre nou jan pou nou viv byen, jan pou nou mache dwat devan Senyè a.


Samyèl pran yon ti mouton dèyè manman, li boule l nèt, li ofri l bay Senyè a. Lèfini, Samyèl lapriyè Senyè a pou l vin ede pèp Izrayèl la. Senyè a reponn lapriyè a.


跟着我们:

广告


广告