Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 14:3 - 1998 Haïtienne

3 Grannèg yo voye domestik yo al chache dlo. Lè yo rive nan sitèn yo, yo pa jwenn yon gout dlo. Yo tounen ak veso yo vid. Yo wont, yo pa konn sa pou yo di. Yo bouche figi yo.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Prens pa yo te voye sèvitè yo chache dlo. Yo rive nan sitèn yo, men nanpwen dlo. Yo te retounen ak veso yo vid. Yo te vin wont, imilye e yo te kouvri tèt yo.

参见章节 复制




Jeremi 14:3
23 交叉引用  

David menm moute sou mòn Pye Oliv yo. Li t'ap kriye, li te pye atè, tèt li te kouvri, paske li te nan gwo lapenn. Tout moun ki t'ap mache dèyè l yo te gen tèt yo kouvri tou, yo t'ap kriye.


Wa a menm te kouvri tèt li, li t'ap rele: — Woy! Gason m lan! Absalon, pitit gason m lan! Absalon, pitit gason m lan!


Kèk tan apre sa, ravin lan vin chèch, paske lapli pat tonbe nan peyi a.


Pa koute wa Ezekyas! Wa peyi Lasiri a mande pou nou fè lapè avè l, pou nou rann tèt nou ba li. Konsa, nou tout ka manje rezen nan jaden rezen nou, n'a ka manje fig frans nan pye fig frans nou, n'a ka bwè dlo nan pi nou.


Apre sa, Madoche tounen tounen l bò pòtay palè wa a. Aman menm kouri al lakay li, li bouche figi l sitèlman li te wont.


Yo pa ka jwenn. Rive devan ravin lan, yo pa konn sa pou yo fè.


Se pou moun ki pa vle wè m yo wont, se pou dezonè tonbe sou yo.


(15) Moun k'ap chache touye m yo, se pou yo tout wont, se pou yo pa ka leve tèt yo. Moun ki anvi wè malè rive mwen, se pou yo renka kò yo, se pou yo wont.


Tè a fann fann. Pa gen yon gout lapli. Abitan pa konn sa pou yo fè. Se men nan tèt.


Poukisa m'ap soufri san rete konsa? Poukisa kote m blese a pa ka geri? M pa ka jwenn renmèd pou li. Gen lè ou sòti pou ou woule m? Ou tankou yon sous ki bay dlo lè l vle.


Paske pèp mwen an fè yon doub peche: Yon bò, yo vire do ban mwen, mwen menm ki bon sous dlo fre a. Yon lòt bò, y'al fè rezèvwa pou dlo, epi yon rezèvwa koule, li pa menm ka kenbe tak dlo.


W'a vire do ou kite peyi Lejip. Avèk men ou, w'a bouche figi ou tèlman w'a wont. Mwen menm, Senyè a, mwen voye moun ou fè konfyans yo jete. Yo p'ap ka fè anyen pou ou.


Men, Senyè a kanpe la avè mwen. Se yon vanyan gason li ye, li gen pouvwa. Se poutèt sa se moun k'ap pèsekite m yo ki pral bite. Se yo ki pral anba. Yo pral wont anpil paske sa p'ap mache pou yo. Se va yon wont pèsonn p'ap janm bliye.


Se poutèt sa pat gen lapli. Lapli prentan yo pa vini. Men, je nou chèch tankou jennès, nou pa janm wont.


Lang ti bebe yo kole nan palèt yo, sitèlman yo swaf dlo. Timoun yo ap kriye pou manje. Pa gen pesonn pou fè yo pote men nan bouch.


Si li pa fè sa, m'ap dezabiye l nèt, pou l rete toutouni jan manman l te fè l. M'ap fè l tounen tankou tè sèk ki pa jwenn lapli. M'ap fè l mouri swaf dlo.


Ata zannimo nan savann yo ap rele nan pye ou, paske tout larivyè yo chèch nèt. Dife boule tout zèb nan savann yo.


Lè jaden nou ta pral pote rekòt, mwen pat kite lapli tonbe. Mwen voye lapli sou yon lavil, mwen fè yon lòt rete san yon grenn lapli. Yon jaden jwenn lapli, yon lòt menm ap mouri.


Moun sòti nan de twa lavil ale nan yon lavil nan vwazinay al mande dlo, men pat gen ase pou yo tout bwè. Malgre sa, nou pa tounen vin jwenn mwen. Se Senyè a menm ki di sa.


Si yon nasyon va derefize moute lavil Jerizalèm pou yo adore Senyè ki gen tout pouvwa a, Wa a, yon ti degout lapli p'ap tonbe nan peyi yo a menm.


跟着我们:

广告


广告