Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 14:2 - 1998 Haïtienne

2 — Peyi Jida nan gwo lapenn, lavil li yo ap depafini. Tout moun kouche atè ap plenn. Nan lavil Jerizalèm moun ap rele anmwe!

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Juda kriye ak doulè e pòtay li yo vin abandone. Yo chita atè pou fè dèy e kri Jérusalem vin monte.

参见章节 复制




Jeremi 14:2
30 交叉引用  

Yo fè, yo fè jouk pòv yo rele mande Bondye sekou, jouk Bondye tande jan piti yo ap rele anba men yo.


Se pou bèf nou yo toujou bay rapò, san yo pa fè avòtman, ni pèt. Se pou lènmi pa anvayi peyi a. Pa kite yo depòte nou. Se pou pa gen okenn rèl nan lari nou yo.


Bondye tande rèl yo, li vin chonje kontra li te pase ak Abraram ak Izarak epi ak Jakòb.


Kè m ap fann pou peyi Mowab! Moun li yo ap kouri al kache jouk lavil Zoa ak lavil Eglat-Chelichiya. Moun ap kriye antan y'ap rale moute ti pant pou rive lavil Loukit la. Moun ap rele antan y'ap kouri met deyò sou wout ki mennen lavil Owonayim lan.


Nan tout lari moun ap rele paske nanpwen diven ankò. Pa gen fèt rejwisans ankò. Nanpwen kè kontan nan peyi a.


Tout moun sou latè nan lapenn. Yo pa kapab ankò. Pèp la ap plenn, y'ap deperi. Chèf yo ap plenn ansanm ak rès pèp la.


Pye rezen yo ap fennen. Ou pa ka jwenn diven. Tout moun ki te konn fè fèt yo ap plenn.


Moun pral plenn nan pòtay lavil yo, y'ap nan lapenn. Lavil la ap tankou yon fanm ki chita tris atè akoz li pèdi tou sa li genyen.


Peyi a nan lapenn, l'ap deperi. Nan peyi Liban, moun pa konn sa pou yo fè. Gwo rakbwa yo ap cheche. Bèl plenn peyi Sawon an tounen savann. Nan tout peyi Bazan ak peyi Kamèl, tout pyebwa ap pèdi fèy.


Pèp Izrayèl la se li menm ki jaden rezen Senyè a, Bondye tout pouvwa a. Moun Jida yo se yo menm ki bon plan li te plante a. Bondye t'ap atann pou yo mache dwat: men yo lage kò yo nan fè san koule. Li t'ap atann pou yo fè lajistis, men nan tout peyi a se rèl malere ou tande.


Enben! Se mwen menm Senyè a k'ap pale: Mwen pral voye yon malè sou yo. Yo p'ap ka chape anba l. Y'a kriye nan pye m, mwen p'ap koute yo.


Yo fè l tounen yon savann. Men, li la devan je m. Li fini, san anyen ladan l. Tout peyi a tounen yon dezè, san pèsonn pa di anyen.


Kilè n'a sispann wè tè a sèk? Kilè n'a sispann wè zèb nan jaden yo ap fennen? Zannimo yo ap mouri, zwazo yo ap depafini. Tou sa, akòz mechanste pèp la k'ap plede di Bondye pa wè sa n'ap fè.


Y'ap rete konsa, w'ap voye yon bann piyajè sou yo. Lè sa a se va rèl nan tout kay yo. Tou sa, paske yo te fouye yon twou pou fè m tonbe ladan l. Yo te mete pèlen pou mwen sou wout mwen.


Tè a nan lapenn. Syèl la tou nwa. Senyè a pale, li p'ap tounen sou sa li di. Li fin pran desizyon l, li p'ap chanje lide.


Moun lòt nasyon yo pran nouvèl gwo wont ki rive nou an. Toupatou sou latè yo tande rèl nou. Vanyan sòlda yo ap bite yonn sou lòt, y'ap tonbe atè ansanm.


Kè m ap fann lè m wè jan y'ap kraze pèp mwen an. M pa wè sa pou m fè ankò! M dekouraje nèt.


Senyè a, Bondye sèl Mèt la, te sòti pou l kraze miray lavil Siyon an. Li fè plan pou lè l kraze l, li kraze l nèt. Miray fò yo ak miray ranpa yo tonbe, yo kraze ansanm.


Pòtay yo atè kouvri anba fatra. Ba pòtay yo kase, yo pa ka sèvi ankò. Yo depòte wa a ak chèf yo nan peyi etranje. Pa gen pèsonn pou moutre sa ki nan lalwa. Menm pwofèt yo, Bondye pa pale ak yo nan vizyon ankò.


Grangou ban nou lafyèb. Kò nou cho kou dife.


Se poutèt sa, peyi a pral nan lapenn. Tout moun nan peyi a pral deperi. Tout zannimo nan savann, tout zwazo k'ap vole nan syèl, tout pwason nan lanmè pral mouri.


Tout jaden yo blanch. Tè a nan lapenn. Tout pye ble yo fin mouri. Pye rezen yo cheche. Pye oliv yo rabougri.


Kiltivatè pa konn sa pou yo fè. Moun k'ap okipe jaden yo ap plenn Paske pa gen ble, pa gen lòj. Tout rekòt pèdi nèt.


Bay lòd pou yo fè jèn! Rele tout moun vini! Sanble tout chèf yo ansanm ak tout moun ki rete nan peyi a, nan kay Senyè a, Bondye nou an. Rele nan pye Senyè a.


Lè y'ap pwoche, tout moun pran tranble. Figi tout moun dekonpoze.


Mwen lage yon sèl chechrès nan peyi a, sou mòn yo, sou jaden ble yo, sou jaden rezen yo ak jaden oliv yo, sou tou sa k'ap pouse sou latè, sou moun, sou bèt, sou tout sa nou plante.


Sa ki rive lè sa a? Menm jan yo pat koute l lè li t'ap pale ak yo a, li menm tou, li pat reponn yo lè yo te lapriyè nan pye l.


Sa ki pat mouri yo te gen tout kò yo kouvri ak bouton. Tout moun t'ap rele mande bondye pa yo sekou.


— Denmen, vè lè konsa, m'ap voye yon moun ki sòti nan peyi Benjamen an bò kote ou. W'a vide lwil sou tèt li, w'a mete l apa pou l chèf pèp mwen an, chèf pèp Izrayèl la. Se li ki va delivre pèp mwen an anba men moun Filisti yo. Mwen wè jan pèp la ap soufri, mwen tande jan y'ap rele mande sekou.


跟着我们:

广告


广告