M'ap fè l tounen yon jaden yo piye. Yo p'ap netwaye branch li yo, yo p'ap sekle l ankò. Zèb pikan ak raje ap fin anvayi l. Mwen p'ap kite lapli tonbe sou li.
L'ap tankou pyebwa yo plante bò larivyè. L'ap plonje rasin ni fon nan dlo. Li pa pè anyen lè sezon chalè rive paske fèy li ap toujou rete vèt. Te mèt gen yon lane sechrès, sa p'ap fè li anyen, l'ap toujou donnen.