Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 13:9 - 1998 Haïtienne

9 — Men ki jan mwen pral kraze lògèy moun granpanpan peyi Jida yo, ak gwo lògèy moun lavil Jerizalèm yo.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 “Konsa pale SENYÈ a: ‘Se konsa Mwen va detwi ògèy a Juda ak gwo ògèy a Jérusalem nan.

参见章节 复制




Jeremi 13:9
19 交叉引用  

Lè ou gen lanbisyon, yo pa lwen kraze ou. Lè w'ap fè awogans, ou pa lwen mouri.


Moun peyi Jida yo di: — Nou tande jan moun Mowab yo se moun ki gen lògèy. Wa pa kouzen yo. Nou konnen jan yo estonmake, jan yo gen gwo tantasyon, jan yo awogan. Men, tou sa se van. Anyen menm!


Se Senyè ki gen tout pouvwa a ki te pran desizyon sa a. Li fè sa pou kraze lògèy yo te genyen pou tout bèl bagay yo te fè, pou l te ka trennen tout grannèg peyi a nan labou.


Lè sa a, Senyè a pale avè m ankò, li di m konsa:


Mwen fè moun lavil Jerizalèm ak moun lavil Jida yo bwè ladan l ansanm ak wa yo, chèf yo, pou lavil yo ka tounen mazi, yon dezè pou moun mete men nan tèt lè yo wè sa, pou moun sèvi ak non yo pou bay madichon, jan y'ap fè l jouk kounyeya.


Moun Mowab yo se moun ki gen lògèy anpil. Nou te konnen jan moun sa yo te gen lòyèy, jan yo te awogan. Yo te kwè wa pa kouzen yo, y'ap gonfle lestonmak yo sou moun.


Yo kite lògèy vire lòlòj yo, yo fè tèt di, yo fè bagay yo konnen mwen pa vle wè moun fè. Se poutèt sa mwen disparèt yo, jan ou konnen l lan.


Lè ou te anpenpan an, ou te konn ap pase Sodòm nan betiz.


Pouvwa nou genyen an epi k'ap fè nou gonfle konsa a, m'ap kraze l nèt. Pa yon ti degout lapli p'ap tonbe sot nan syèl la, tè a ap vin di kou wòch.


Paske, Senyè a pral bay pèp Izrayèl la pouvwa li te gen anvan an, pouvwa fanmi Jakòb la te gen anvan piyajè yo te ravaje l la, anvan yo te koupe tout branch rezen li yo.


Jou sa a, nou menm pèp mwen an, nou p'ap bezwen wont tou sa nou te fè lè nou te vire do ban mwen an. Mwen wete tout moun ki gen lògèy nan mitan nou, tout moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun. Nou va sispann kenbe tèt avè m sou mòn ki apa pou mwen an.


Lè sa a, Jezi di yo: — M'ap di nou sa, se pa farizyen an non, men se pèseptè kontribisyon an ki tounen lakay li ak padon Bondye. Paske, yon moun ki vle leve tèt li, y'a desann li, yon moun ki desann tèt li, y'a leve li.


Men, li fè nou yon pi gwo favè ankò, jan sa ekri nan Liv la: Bondye pran pozisyon kont moun ki gen lògèy yo. Men, moun ki soumèt devan l, li ba yo favè li.


Menm jan an tou, nou menm jennjan yo, se pou nou soumèt devan chèf reskonsab yo. Nan tout rapò nou yonn ak lòt, se pou nou soumèt devan Bondye. Paske Bondye pran pozisyon kont moun ki gen lògèy. Men, moun ki soumèt devan l, li ba yo favè li.


跟着我们:

广告


广告