Mwen bay mesay Bondye a jan li te ban m lòd la. Antan m'ap pale konsa, mwen tande yon gwo bri, zosman yo pran deplase jouk yo jwenn plas yo yonn bò kote lòt.
Se konfyans nan Bondye ki fè Abraram te obeyi lè Bondye rele li. Li pati al nan peyi Bondye ta pral ba li pou eritaj la. Li leve, li kite peyi li san li pa te konnen ki bò li ta prale ojis.