Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 13:16 - 1998 Haïtienne

16 Fè lwanj Senyè a, Bondye nou an, anvan fènwa bare nou, pou pye nou pa al bite sou mòn yo lannwit la, anvan li fè limyè nou t'ap tann lan tounen yon gwo fènwa, yon dekou ki fènwa kou lank.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Bay glwa a SENYÈ a, Bondye nou an, avan li pote fènwa, avan pye nou vin glise tonbe sou mòn k ap plen tenèb yo; pou pandan nou ap tann limyè, Li pa fè l antre nan fènwa lanmò a pou l rive nan tenèb ki san espwa.

参见章节 复制




Jeremi 13:16
36 交叉引用  

Se pou fènwa anvayi jou sa a. Se pou nyaj kouvri l nèt. Se pou lonbray lanmò bouche l nèt.


Gen ladan yo ki te rete kote ki te fè nwa a, kote lavi yo te an danje anpil. Yo te prizonye, yo t'ap soufri anba chenn,


Li fè yo sòti kote ki fè nwa a. Li kase chenn ki te mare yo.


Fè lwanj non Senyè ki gen pouvwa a! Adore Senyè a nan bèl kay ki apa pou li a!


(20) Men ou menm, ki jan ou fè lage nou konsa san sekou nan mitan bèt nan bwa yo? Ou kite nou konsa kote ki fè nwa anpil la.


Senyè a di Moyiz ankò: — Lonje men ou anlè pou fènwa kouvri peyi Lejip la, yon fènwa sitèlman pwès moun ta ka santi l anba men yo.


Chemen moun mechan yo fè nwa kou lannwit. Yo pa ka wè sou kisa y'ap bite.


Si yon moun gen chans viv lontan sou latè, se pou li kontan pou tout tan sa a. Men li pa dwe janm bliye tan li pral pase lè li fin mouri a long anpil. Tan anvan yo pa vo anyen devan tan k'ap vini yo.


Jou sa a, y'ap gwonde sou pèp Izrayèl la. Y'ap fè bri tankou lanmè lè li move. Voye je, gade peyi a! Se renk fènwa ak tray pou tout moun. Nyaj nwa bouche toupatou nan syèl la!


N'ap tatonnen tankou avèg k'ap chache wout, tankou moun je pete. N'ap bite gwo midi tankou si nou t'ap mache solèy kouche. San nou pa malad, nou tankou moun ki deja nan peyi san chapo.


Pèp la di: — Se sa ki fè, sa ki dwat kouri lwen nou. Lajistis pa konsène nou: Nou t'ap espere limyè, men se fènwa nou rekòlte. Nou t'ap tann bèl klète, men se nan fènwa n'ap mache.


Lòt nasyon yo nan fènwa, yon nyaj kouvri lòt pèp yo. Men limyè Senyè a pral leve sou nou! Pouvwa li pral parèt sou nou!


y'a bese je yo gade atè. Toupatou se va renk kè sere ak fènwa, yon fènwa k'ap fè kè tout moun kase. Y'ap pèdi nan gwo fènwa. Tout moun nan peyi a te mèt gen kè kase, rive yon lè sa gen pou chanje, fènwa a p'ap toujou rete la.


Senyè, genlè ou voye pèp Jida a jete nèt! Eske ou rayi moun mòn Siyon yo? Poukisa ou frape nou konsa jouk nou pa ka geri a? Nou t'ap tann ou vin delivre nou, anyen pa rive. Nou t'ap tann gerizon, epoutan se boulvès nou jwenn.


Yo pa chonje reve mande kote Senyè a, li menm ki te fè nou moute sòti nan peyi Lejip la, li menm ki te louvri chemen pou nou nan dezè a, nan yon peyi tè sèk, plen twou, yon peyi san dlo, plen danje, kote moun pa rete, kote moun pa menm pase.


Enben, chemen yo pran an pral tankou yon tè glise nan fènwa pou yo. Yo pral pèdi wout yo, yo pral tonbe. Mwen pral voye yon sèl malè sou yo lè lè a va rive pou m pini yo. Se mwen menm, Senyè a, ki di sa.


Mwen li pa te gen fòm, li pa te gen anyen sou li! Mwen gade syèl la: Li pa te gen ti kras limyè menm!


Pèp mwen an te tankou mouton ki pèdi bann yo. Se gadò yo ki te lage yo, kifè yo gaye nan mòn yo. Y'ap mache pwonmennen nan tout mòn yo. Yo pèdi chemen kay yo.


Se poutèt sa, men sa m'ap di nou: M'ap mete antrav sou chemen nou. N'ap bite. Papa pral mouri ansanm ak pitit gason yo. Tout zanmi yo, tout vwazinay yo pral mouri tou.


Nou t'ap tann li ban nou kè poze ak lasante. Men anyen pa mache. Nou t'ap tann li vin geri nou, men se pè l'ap fè nou pè.


Je nou wouj afòs nou kriye. N'ap tann yon sekou ki pa janm vini. M'ap veye tann yon nasyon ki pa ka fè anyen pou delivre nou.


L'ap fè pèp mwen an pèdi tout kouray li, y'ap tonbe yonn sou lòt. Mwen mete nepe nan tout pòtay yo, yon nepe k'ap bay zèklè, yon nepe ki pare pou touye anpil moun.


Menm jan yon gadò mache swen mouton l yo ki te gaye, konsa m'ap mache sanble tout mouton m yo, m'ap pran yo tout kote yo te gaye yo depi jou fènwa a, jou gwo malè a, m'ap fè yo tounen.


M'ap fè lòt nasyon yo sispann pase nou nan betiz. Nou p'ap tande jouman yo nan zòrèy nou ankò. Yo p'ap lonje dwèt sou nou ankò pou fè nou wont. Peyi a p'ap touye pitit li yo ankò. Se mwen menm, Senyè sèl Mèt la, ki di sa.


Se va yon jou ki pral fè nwa kou lank, ak syèl la plen nyaj nwa, yon jou kote nyaj nwa ak pousyè pral kouvri latè. Yon lame krikèt ap vanse. Yo grannèg anpil! Tankou solèy la lè l'ap leve, y'ap kouvri mòn yo. Se bagay nou poko janm wè, bagay nou p'ap janm wè ankò, jouk sa kaba.


Se Bondye ki te fè mòn yo. Se li menm ki te kreye van yo. Li fè lèzòm konnen lide li gen nan tèt li. Li fè lajounen sòti nan lannwit. L'ap gouvènen sou tout latè. Se poutèt sa, men jan yo rele l: Sènyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a.


Sa pral rèd nèt pou moun ki anvi wè jou Senyè a rive! Kisa jou sa a ap fè pou yo? Se pral yon jou fènwa, se p'ap yon jou limyè.


Si nou pa koute sa m'ap di nou la a, si nou pa sòti pou nou sèvi yon lwanj pou mwen, m'ap voye madichon sou nou. Se Senyè ki gen tout pouvwa a k'ap pale konsa wi. M'ap madichonnen tout bon bagay k'ap vin pou nou yo. Wi, mwen madichonnen yo deja, paske nou pa sòti pou nou sèvi yon lwanj pou mwen.


Jezi reponn yo: — Nou gen limyè a la avè nou, men pa pou lontan. Mache pandan nou gen limyè a pou fènwa pa bare nou. Moun k'ap mache nan fènwa pa konnen kote l prale.


Jozye di Akan konsa: — Pitit mwen, fè lwanj Senyè a! Moutre ou gen respe pou Bondye pèp Izrayèl la! Kounyeya, di m kisa ou fè. Pa kache m anyen.


Se yon wòch k'ap fè moun bite, yon gwo wòch k'ap fè yo tonbe. Yo bite, paske yo pa koute pawòl la. Enben, se sa ki te sere pou yo.


N'a fè bouton lò yo pou yo sanble ak bouton ki te leve sou nou yo. Konsa tou, n'a fè senk sourit eskilti sourit lò, y'a pòtre sourit k'ap plede ravaje peyi a. Epi n'a rekonèt Bondye pèp Izrayèl la se yon Bondye ki gen pouvwa. Lè sa a, nou kwè l'a sispann frape nou, nou menm, bondye nou yo ak peyi nou an.


跟着我们:

广告


广告