Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 13:11 - 1998 Haïtienne

11 Menm jan moun mare sentiwon nan ren yo, se konsa mwen te vle pou moun peyi Jida yo ansanm ak moun lavil Jerizalèm yo te mare avè m, pou yo te ka yon pèp apa pou mwen, yon non, yon lwanj, yon bèl bagay pou mwen. Men yo pa koute m. Se Senyè a menm ki di sa.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Paske jan senti a kwoke nan senti a yon nonm nan, se konsa Mwen te fè tout lakay Israël kwoke sou Mwen,’ deklare SENYÈ a: ‘pou yo ta kapab pou Mwen, yon pèp, de rekonesans, pou lwanj e pou glwa; men yo pa t koute.’

参见章节 复制




Jeremi 13:11
25 交叉引用  

Se li menm ki te chwazi Jakòb pou moun pa l, se li menm ki te chwazi pèp Izrayèl la pou pèp li.


Li pa aji konsa ak okenn lòt nasyon. Li pa fè yo konnen sa l deside fè. Lwanj pou Senyè a!


(12) Men, pèp mwen an pa koute m. Pèp Izrayèl la pa obeyi m.


Pèp mwen te fè pou mwen an va chante, l'a fè lwanj mwen.


Y'a rele nou pèp ki apa pou Bondye a, pèp Bondye delivre a. Y'a rele lavil Jerizalèm lavil Bondye renmen an, lavil Bondye p'ap janm lage a.


Senyè a pale avè m, li di m konsa: — Al achte yon sentiwon lenn, mare l nan ren ou. Men, piga ou tranpe l nan dlo.


Moun sa yo se move moun yo ye. Yo refize koute m lè m pale yo. Yo fè tèt di, yo fè tout vye lide ki vin nan tèt yo. Y'al dèyè lòt bondye, yo fè sèvis pou yo, yo adore yo. Se konsa y'ap tounen tankou sentiwon lenn lan ki pa bon pou anyen ankò.


W'a di yo pawoli sa a: Men sa Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Potich diven fèt pou mete diven ladan l. Y'a reponn ou: Men wi, tout potich diven fèt pou mete diven ladan l. Se bagay nou konnen.


— Men pawòl Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la: Mwen pral voye sou lavil sa a ansanm ak tout ti bouk ki sou kont li yo, tout chatiman mwen te di m'ap voye yo, paske yo fè tèt di, yo pa vle koute sa m di yo.


Depi nan tan lontan rive jouk jounen jòdi a, ou te fè mirak ak mèvèy nan peyi Lejip, nan peyi Izrayèl ak nan tout lòt nasyon yo. Konsa, kounyeya yo konnen ou toupatou.


Lè sa a, lavil Jerizalèm pral fè kè m kontan. Li pral sèvi yon lwanj pou mwen, yon bèl bagay devan tout lòt nasyon ki sou latè. Lè y'a konnen tout byen mwen pral fè pou moun Jerizalèm yo, lè y'a wè tout bèl bagay m'a fè pou yo, y'a tranble tèlman y'a pè, y'a sezi.


Apre sa, Senyè a chwazi faksyonè pou veye pou yo, pou di yo: Atansyon, tande jan y'ap kònen twonpèt la pou avèti nou. Men, yo di: Non, nou p'ap tande.


Kounyeya menm, gade tou sa nou fè. Se Senyè a menm ki di sa. Se pa ti kras pale mwen pale nou, nou derefize koute m. Se pa ti kras rele mwen rele nou, nou pa reponn.


Sèl bagay mwen te mande yo, se pou yo te koute m lè m'ap pale ak yo. Konsa m'a toujou Bondye yo. Yo menm y'a pèp mwen. Mwen te di pou yo te swiv chemen mwen t'ap mete devan yo, pou tout bagay te ka mache byen pou yo.


Men, yo pat vle koute m, yo te bouche zòrèy yo. Yo fè sa ki nan lide yo, yo fè tèt di. Pase yo vin pi bon, yo vin pi mal.


Men, pèsonn pa koute yo, tout moun bouche zòrèy yo. Nou fè tèt di, nou fè pi mal pase zansèt nou yo.


Nou menm pèp Izrayèl, tande mesay Senyè a te bay sou nou, sou nasyon li te fè sòti kite peyi Lejip la.


Men n'ap souke pousyè lavil nou an ki te kole anba pye nou, nou fini ak nou. Tansèlman, konnen byen: Gouvènman Bondye a te rive toupre nou.


Jòdi a tou, Senyè a te asepte nou pou pèp li renmen anpil la, jan l te fè nou pwomès la. Epi li pase nou lòd pou nou fè tou sa la mande nou fè.


L'ap fè nou tounen nasyon ki pi gran pase tout lòt nasyon li te fè yo. N'a gen pouvwa pase yo, n'a gen repitasyon pase yo, y'a respekte nou pase yo. Wi, n'a yon pèp k'ap viv apa nèt pou Senyè a, Bondye nou an, jan l te di l la.


Paske pa gen lòt nasyon, li te mèt gran kou l gran, ki gen yon Bondye toupre yo, yon Bondye k'ap kanpe la avèk yo, tankou Senyè a, Bondye nou an, fè l pou nou chak fwa nou rele l.


Men nou menm, nou se yon ras Bondye chwazi, prèt k'ap sèvi wa a, nasyon k'ap viv apa pou Bondye, pèp li peye pou li a. Li fè tou sa, pou nou te ka fè tout moun konnen bèl bagay Bondye te fè yo, Bondye ki rele nou soti nan fènwa a pou nou antre nan bèl limyè li a.


跟着我们:

广告


广告