Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 13:10 - 1998 Haïtienne

10 Moun sa yo se move moun yo ye. Yo refize koute m lè m pale yo. Yo fè tèt di, yo fè tout vye lide ki vin nan tèt yo. Y'al dèyè lòt bondye, yo fè sèvis pou yo, yo adore yo. Se konsa y'ap tounen tankou sentiwon lenn lan ki pa bon pou anyen ankò.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Pèp mechan sila a, ki refize koute pawòl Mwen yo, ki mache nan kou tèt di a kè yo e te ale dèyè lòt dye pou sèvi yo, e pou pwostène devan yo, kite yo vin tankou senti sa a, san okenn valè nèt.

参见章节 复制




Jeremi 13:10
32 交叉引用  

Konsa yo p'ap tankou zansèt yo ki te fè tèt ak Bondye, ki te derefize fè sa li te mande yo fè, ki pat janm gen yon konfyans fèm nan Bondye, ki pat kenbe pawòl yo ak Bondye.


Nou menm, jenn gason, pwofite jennès nou. Fè kè nou kontan pandan tout tan nou jenn gason toujou. Fè tou sa nou ta vle fè, tou sa nou anvi fè. Men pa bliye Bondye gen pou mande nou kont pou tou sa nou fè.


Yo p'ap gen lodè pafen sou yo ankò. Y'ap santi fò. Yo p'ap sèvi ak bèl senti ankò. Y'a mare ren yo ak vye frany kòd. Yo p'ap gen cheve pou fè bèl kwafi, tèt yo ap kale blanch. Yo p'ap gen bèl rad pou mete sou yo, y'a vlope kò yo nan twal sak. Nan plas bote, y'a gen vye mak lèdè nan tout figi yo.


Yo tonbe ankò nan menm peche ak zansèt yo ki te refize koute sa m t'ap di yo. Yo menm tou, yo kouri dèyè lòt bondye pou fè sèvis pou yo. Ni moun peyi Izrayèl yo, ni moun peyi Jida yo pa kenbe kontra mwen te pase ak zansèt yo a.


Senyè a fè m konnen yo t'ap moute yon konplo sou do mwen. Li fè m wè jan yo t'ap manniganse sou do m pou yo pran m.


Se konsa, male bò larivyè Lefrat la, mwen chache, mwen pran sentiwon an kote m te kache l la. Men, li te gate, li pat vo anyen ankò.


Lèfini, nou menm nou fè pi mal pase yo. Nou tout ap fè tèt di, n'ap swiv tout vye lide ki pase nan tèt nou, nou pa vle koute m.


Move maladi pral touye yo. P'ap gen moun ni pou kriye pou yo ni pou antere yo. Kadav yo va tounen fimye atè a. Y'ap mouri nan lagè, y'ap mouri grangou. Kadav yo ap sèvi manje pou zwazo nan syèl ak bèt nan bwa.


Se Senyè a menm ki di sa: Mwen pral fè ou tounen yon malè pou ou menm ak pou tout zanmi ou yo. Ou pral wè yo mouri anba nepe lènmi yo. Mwen pral lage tout moun peyi Jida yo nan men wa lavil Babilòn lan. L'ap pran yon pati ladan yo, l'ap fè yo prizonye, l'ap depòte yo lavil Babilòn, l'ap touye lòt yo.


Mwen menm, Senyè a, mwen te pale nou lè zafè nou t'ap mache byen. Men, nou te derefize koute m. Se sa n'ap fè depi tout tan. Nou pa janm vle koute sa m'ap di nou.


Yo pale ak moun ki derefize koute m yo, y'ap di yo: Tout bagay ap mache byen pou nou. Yo pale ak tout moun ki sòti pou kenbe tèt avè m, y'ap di yo: Anyen p'ap rive nou!


Lè sa a, y'a rele Jerizalèm Fòtèy Senyè a. Lèfini tout nasyon yo va vin sanble la pou fè sèvis pou Senyè a. Y'a sispann swiv move lide ki t'ap fè yo kenbe tèt ak mwen an.


Mwen pa janm sispann voye sèvitè m yo, pwofèt yo, vin di nou: Manyè kite move pant n'ap swiv yo. Manyè fè sa ki dwat! Pa kouri dèyè lòt bondye pou nou sèvi yo. Konsa, n'a rete nan peyi mwen te bay pou zansèt nou yo ansanm ak nou an. Men, nou pa koute m.


— Nou p'ap koute pawòl w'ap di nou la a, atout ou pale nan non Senyè a.


Men yo pat koute m. Pawòl la antre nan yon zòrèy li sòti nan yon lòt. Yo derefize chanje. Yo donnen pi mal nan fè mechanste yo, nan ofri lansan bay bondye lòt nasyon yo.


Men, pèp la gen tèt di, yo pa vle koute. Yo vire do ban mwen, y'al kite m.


Kounyeya menm, gade tou sa nou fè. Se Senyè a menm ki di sa. Se pa ti kras pale mwen pale nou, nou derefize koute m. Se pa ti kras rele mwen rele nou, nou pa reponn.


Pa pwofite sou moun lòt nasyon yo, sou timoun ki san papa yo, sou fanm ki pèdi mari yo. Sispann fè san moun inonsan koule nan peyi a. Pa kouri dèyè lòt bondye yo. Se va pou malè nou.


Poukisa atò, nou menm pèp lavil Jerizalèm, nou vire do ban mwen, epi nou pa vle chanje? Nou kenbe pye zidòl nou yo la tòt. Nou derefize tounen vin jwenn mwen.


Senyè a reponn mwen: — Sa rive konsa paske pèp mwen an pa kenbe tou sa mwen te moutre yo. Yo pa koute m. Yo pa fè sa m te di yo fè.


Yo fè tèt di pi rèd, yo rete ap sèvi zidòl Baal zansèt yo te fè yo konnen an.


Y'ap fè britalite sou britalite. Y'ap twonpe moun yonn dèyè lòt. Yo derefize rekonèt mwen. Se Senyè a menm ki di sa.


Senyè a di Moyiz konsa: — Kilè pèp sa a va sispann meprize mwen? Kilè y'a sòti pou yo fè m konfyans? Gade tout bèl bagay mwen te fè pou yo. Malgre sa, yo pa vle kwè m toujou!


— Ala moun gen tèt di! Tankou moun lòt nasyon yo, nou fèmen kè nou, nou fèmen zòrèy nou bay Bondye, n'ap kenbe tèt ak Sentespri toujou. Nou tankou zansèt nou yo.


Veye kò nou! Pa refize koute pawòl moun k'ap pale ak nou an. Moun ki te refize koute pawòl moun ki t'ap ba yo avètisman Bondye sou latè a, yo pat chape anba chatiman an. Nou pa bezwen mande si nou menm nou ka delivre si nou vire do bay moun k'ap pale ak nou antan l nan syèl la.


跟着我们:

广告


广告