Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 12:9 - 1998 Haïtienne

9 Pèp ki te rele m pa m lan tankou yon zwazo tout koulè, malfini sènen l toupatou. Ale non! Sanble tout bèt nan bwa. Fè yo vini pran pa yo nan manje a!

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Èske eritaj Mwen an gen tan vin tankou yon zwazo takte nan lachas? Èske gen zwazo voras kont li tout kote? Ale, rasanble tout bèt sovaj nan chan yo. Mennen yo pou yo ka devore!

参见章节 复制




Jeremi 12:9
15 交叉引用  

Lè sa a, Senyè a voye ansasen sòti nan peyi Babilòn, nan peyi Siri, nan peyi Mowab ak nan peyi Amon vin dèyè Jojakim. Li lage yo nan peyi Jida a pou yo fini avè l dapre sa Senyè a te di nan bouch pwofèt yo, sèvitè l yo.


Yon jou gen pou vini! Lè sa a, p'ap gen moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun ankò! P'ap gen moun k'ap fè awogan ankò sou moun! Jou sa a, Senyè a va sèl chèf.


Wi, jou sa a, se va jou Senyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a! L'ap fè tout moun ki t'ap gonfle lestonmak yo bese je yo gade atè ansanm ak tout moun ki t'ap fè awogan yo ak tout grannèg yo.


Senyè a rele moun lòt nasyon yo pou yo vin devore, pou yo vin manje tankou bèt mawon ki nan savann ak bèt ki nan rakbwa.


Mwen pral voye kat kalite malè sou yo. Se mwen menm Senyè a ki di sa: Nepe pou touye yo, chen pou trennen yo pote ale, zwazo nan syèl pou devore yo, bèt nan bwa pou fini ak yo.


Y'ap gwonde sou li tankou lyon, y'ap rele byen fò. Yo fè peyi a tounen yon savann. Yo mete dife nan tout lavil li yo. Pa rete yon moun ladan yo.


M'ap lage nou nan men lènmi nou yo, nan men moun ki sòti pou touye nou yo. Kadav nou va sèvi manje pou zwazo nan syèl ak bèt nan bwa.


Kadav moun yo va sèvi manje pou zwazo nan syèl ak bèt nan bwa. P'ap gen pèsonn pou pouse bèt yo ale.


Mòn Siyon an lonje men l, men, pa gen pèsonn pou ba l kouray. Senyè a rele tout moun ki pa vle wè peyi Jakòb la, pou yo sènen l toupatou. Lavil Jerizalèm tounen malpwòpte nan mitan yo.


Paske mouton yo te san gadò, yo gaye nan raje yo, bèt nan bwa touye yo.


Dis kòn ou te wè ansanm ak bèt la, yo pral rayi fanm movèz vi a: y'a pran tou sa l genyen, y'a kite l toutouni, y'a manje vyann li, y'a boule l nan dife.


跟着我们:

广告


广告