Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 12:8 - 1998 Haïtienne

8 Pèp ki te rele m pa m lan vire do ban mwen. Tankou yon lyon nan gwo rakbwa, y'ap gwonde sou mwen. Se poutèt sa mwen pa vle wè yo ankò!

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Eritaj Mwen an te vini pou Mwen, kon yon lyon k ap gwonde nan forè a. Li te gwonde kont Mwen. Akoz sa, Mwen te vin rayi li.

参见章节 复制




Jeremi 12:8
8 交叉引用  

Nou te vire do bay Senyè a, nou voye l jete. Nou derefize koute l. Nou tòde men frè parèy nou, nou revòlte kont Bondye. Se move lide ase nou te gen nan kè nou. Se manti ase nou t'ap kalkile nan tèt nou.


Y'ap gwonde sou li tankou lyon, y'ap rele byen fò. Yo fè peyi a tounen yon savann. Yo mete dife nan tout lavil li yo. Pa rete yon moun ladan yo.


Moun Babilòn yo ap gwonde tankou lyon, y'ap grinyen dan yo tankou jenn lyon.


Se li menm ankò ki mete tout zafè l deyò. Li fè tout moun konnen se jennès li ye. Li mete l toutouni, li fè m degoute l tankou lòt sè a.


Senyè a di konsa: Mechanste pèp la konmanse depi nan peyi Gilgal. Se la menm mwen konmanse rayi yo. Yo fè twòp move zak. Se poutèt sa, m'ap mete yo deyò nan peyi mwen an. Mwen p'ap renmen yo ankò, paske tout chèf yo se yon bann wòklò.


Senyè a, Bondye sèl Mèt la, te fè sèman sou tèt li. Men avètisman Senyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, bay: Mwen pa ka sipòte lògèy pèp Izrayèl la gen nan kè li. Mwen pa ka wè gwo kay y'ap plede bati yo. M'ap lage kapital la nan men lènmi ak tout moun ladan l.


Senyè a reponn: nou leve dèyè pèp mwen an tankou si nou se lènmi yo. Moun ap mache kèpòpòz san okenn lide chache moun kont. Men nou la, n'ap tann konsa pou nou vòlò ata rad sou po kò yo.


Gadò yo ban m degoutans. Nan yon mwa, mwen te chanje twa gadò yonn apre lòt. Yo menm tou, yo pat vle wè m.


跟着我们:

广告


广告