Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 12:7 - 1998 Haïtienne

7 Senyè a di ankò: — Mwen lage pèp Izrayèl la, mwen voye pèp mwen te chwazi a jete, mwen lage pèp mwen te renmen anpil la nan men lènmi yo.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 “Mwen te abandone lakay Mwen an, Mwen te abandone eritaj Mwen an; Mwen fin bay fi byeneme a nanm Mwen an pou antre nan men lènmi li yo.

参见章节 复制




Jeremi 12:7
23 交叉引用  

M'ap vire do bay rès moun ki va chape yo, m'ap lage yo nan men lènmi yo ki pral piye yo, ki pral pran peyi a nan men yo.


Senyè a te fache anpil sou pèp li a. Li te degoute ak pitit li yo.


Li te fache nèt sou pèp li a, li kite lènmi touye yo nan lagè.


Bondye, Ou lage pèp ou a, moun fanmi Jakòb yo! Peyi yo a plen moun k'ap fè divinò, moun k'ap li zetwal. Peyi a tounen tankou peyi Filisti yo. Tout moun nan peyi a ap swiv vye mès moun lòt nasyon yo.


Senyè a di ankò: — Pèp mwen renmen anpil la gen move lide dèyè tèt yo. Ki dwa yo genyen pou yo vin nan Tanp mwen an? Yo genlè konprann yo ka egzante malè k'ap vin sou yo a avèk bèl pwomès y'ap fè m yo, yo ka chape anba l avèk vyann anpil bèt y'ap ofri pou mwen yo, apre sa pou y'al pran plezi yo?


Senyè, genlè ou voye pèp Jida a jete nèt! Eske ou rayi moun mòn Siyon yo? Poukisa ou frape nou konsa jouk nou pa ka geri a? Nou t'ap tann ou vin delivre nou, anyen pa rive. Nou t'ap tann gerizon, epoutan se boulvès nou jwenn.


Se nou menm ankò ki pral bay peyi mwen te ban nou an. M'ap fè nou tounen domestik lènmi nou yo, nan yon peyi nou pat janm konnen paske nou te fè m fache. Kòlè m tankou yon dife ki p'ap janm mouri.


Men, si nou pa koute m', mwen sèmante, palè sa a gen pou li kraze. Se mwen menm Senyè a ki di sa.


Senyè a di m: — Jeremi, lè yon moun nan pèp la, osinon yon pwofèt, ou ankò yon prèt mande ou ki chay Senyè a ban nou pote, w'a reponn yo: Se nou menm ki yon chay pou Senyè a. Li pral lage nou atè. Se Senyè a menm ki di sa.


m'ap pran nou leve anlè, m'ap voye nou jete byen lwen mwen, ni nou, ni lavil mwen te bay pou nou ansanm ak pou zansèt nou yo.


Paske mwen menm, Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye moun peyi Izrayèl ak moun peyi Jida yo, mwen pa lage yo, atout yo koupab devan Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.


Enben! Sa m te fè Silo a, se sa mwen pral fè kay yo mete apa pou mwen an, kay nou kwè ki ka sove nou an, ak peyi mwen te bay zansèt nou yo ansanm ak nou an.


Nou menm moun lavil Jerizalèm, koupe tout cheve nan tèt nou voye jete. Moute sou tèt mòn yo, pou nou chante plenn sò nou, paske Senyè a pa vle wè moun ki fè l fache. Li vire do ba yo, li voye yo jete.


pou m di moun pèp Izrayèl yo men mesay Senyè sèl Mèt la voye pou yo: Nou kontan gwo kay solid nou mete apa pou mwen an. Nou renmen l tankou de grenn je nan tèt nou, nou fèb anpil pou li. Enben, mwen pral fè yo derespekte kay mwen an. Pitit gason ak pitit fi nou te kite lavil Jerizalèm yo pral mouri nan lagè.


Lè Izrayèl te jenn toujou, mwen te renmen li. Epi kòm li se pitit gason mwen. Mwen fè li soti kite peyi Lejip.


Senyè a di konsa: Mechanste pèp la konmanse depi nan peyi Gilgal. Se la menm mwen konmanse rayi yo. Yo fè twòp move zak. Se poutèt sa, m'ap mete yo deyò nan peyi mwen an. Mwen p'ap renmen yo ankò, paske tout chèf yo se yon bann wòklò.


Kònen twonpèt sou mòn Siyon an! Bay lòd pou tout moun fè jèn! Mande pou tout moun reyini!


M'a sanble tout nasyon yo, M'a fè yo desann nan Fon Jijman Bondye a. Se la mwen pral jije yo pou tou sa yo fè Izrayèl, pèp mwen an, moun pa mwen yo. Paske, se yo ki te gaye moun Izrayèl yo nan mitan lòt nasyon yo. Lèfini, yo separe peyi a ant yo.


Y'ap touye yo ak nepe, y'ap mete men sou yo, y'ap depòte yo nan tout lòt peyi. Pou lavil Jerizalèm lan menm, moun lòt nasyon yo gen pou yo foule l anba pye yo, jouk tan dèle yo ba yo a va bout.


Men sa li di pou branch fanmi Benjamen an: Se moun Senyè a renmen anpil. Y'a viv ak kè poze bò kote l. Bondye ki anwo nan syèl la va toujou pwoteje yo, la moute kay li nan mitan yo.


跟着我们:

广告


广告