Jeremi 12:5 - 1998 Haïtienne5 Senyè a di: — Jeremi, si ou pèdi souf lè w'ap kouri ak moun, ki jan ou ka fè kouri ak chwal? Si kè ou pa poze lè tout bagay ap mache byen, si se lè peyi a pa an danje, ou gen kè poze, kisa w'a fè lè larivyè Jouden ap desann? 参见章节Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen5 Si ou te kouri ak moun apye yo, e yo fè ou bouke, kijan ou ka fè kous ak cheval? Malgre, nan yon peyi lapè, ou gen sekirite, men kijan ou va reyisi nan vye rakbwa Jourdain an? 参见章节 |
Tankou yon lyon k'ap sòti nan rakbwa bò larivyè Jouden an pou l ale kote bèt yo ye nan savann yo, mwen menm Senyè a, m'ap vini, m'ap fè moun yo kouri kite peyi a anvan yo bat je yo. Lè sa a, se moun m'a chwazi a m'a mete pou gouvènen peyi a. Ki moun ki tankou m? Ki moun ki ka koresponn avè m? Ki chèf ki ka kenbe tèt avè m?
Tankou yon lyon k'ap sòti nan rakbwa bò larivyè Jouden an pou l ale kote bèt yo ye nan savann yo, mwen menm Senyè a, m'ap vini. M'ap fè moun yo kouri kite peyi a, anvan yo bat je yo. Lè sa a, se moun m'a chwazi a m'a mete pou gouvènen peyi a. Ki moun ki tankou m? Ki moun ki ka koresponn avè m? Ki chèf ki ka kenbe tèt avè m?