Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 12:4 - 1998 Haïtienne

4 Kilè n'a sispann wè tè a sèk? Kilè n'a sispann wè zèb nan jaden yo ap fennen? Zannimo yo ap mouri, zwazo yo ap depafini. Tou sa, akòz mechanste pèp la k'ap plede di Bondye pa wè sa n'ap fè.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Depi kilè peyi a va gen dèy konsa, e vèdi chan an vin sèch konsa? Akoz mechanste a sila ki rete ladann yo, ni bèt ni zwazo detwi nèt; akoz yo te di: “Li p ap wè dènye fen nou an.”

参见章节 复制




Jeremi 12:4
22 交叉引用  

Li te fè tè ki konn bay bèl rekòt yo tounen salin, paske moun ki t'ap viv la a t'ap fè twòp mechanste.


Nou fè tou sa, epi nou te vle pou m pe bouch mwen? Nou mete nan tèt nou se menm moun ak nou mwen ye? Men kounyeya, mwen pral fè nou pran men nou. Mwen pral mete tout bagay aklè devan je nou.


Tout moun sou latè nan lapenn. Yo pa kapab ankò. Pèp la ap plenn, y'ap deperi. Chèf yo ap plenn ansanm ak rès pèp la.


Se poutèt sa madichon ap fini ak latè: moun ki rete sou latè ap peye pou sa yo te fè ki mal. Y'ap deperi grenn pa grenn. Se yon ti ponyen ki rete.


Yo fè l tounen yon savann. Men, li la devan je m. Li fini, san anyen ladan l. Tout peyi a tounen yon dezè, san pèsonn pa di anyen.


— Peyi Jida nan gwo lapenn, lavil li yo ap depafini. Tout moun kouche atè ap plenn. Nan lavil Jerizalèm moun ap rele anmwe!


Peyi a plen moun ki vire do bay Bondye. Madichon Bondye fè tout peyi a nan lapenn. Jaden zèb yo fin cheche. Tout moun deyò pou fè sa ki mal. Yo pran fòs kouray yo pou fè sa ki pa dwat.


Mwen gade, m pa wè yon moun. Tout zwazo yo met deyò.


Tè a nan lapenn. Syèl la tou nwa. Senyè a pale, li p'ap tounen sou sa li di. Li fin pran desizyon l, li p'ap chanje lide.


Pwofèt yo p'ap di anyen la a. Se pa Bondye k'ap pale nan bouch yo. Malè yo wè a, se sou yo pou l tonbe.


Annik manti ase pwofèt yo ap bay. Prèt yo menm, se pòch yo ase yo konnen. Pèp la menm renmen l konsa. Men, kisa y'a fè lè tou sa va fini?


Se poutèt sa, men sa mwen menm, Senyè ki gen tout pouvwa a, mwen di: Mwen pral pase gwo kòlè m ni sou Tanp lan, ni sou moun, ni sou bèt, ni sou pyebwa, ni sou rekòt yo. Kòlè mwen pral tankou yon dife pèsonn p'ap ka tenyen.


Mwen di: — Mwen pral kriye, mwen pral plenn pou mòn yo, mwen pral plenn sò patiraj bèt yo. Paske yo fin boule. Pèsonn pa pase la ankò. Ou pa tande bri yon bèt ladan yo. Depi zwazo k'ap vole nan syèl la jouk bèt nan bwa, tout met deyò, y ale.


Atò pou m pa ta pini yo pou tout bagay sa yo? Atò pou m pa ta pran revanj mwen sou yon nasyon konsa? Se Senyè a menm ki di sa.


Se poutèt sa, peyi a pral nan lapenn. Tout moun nan peyi a pral deperi. Tout zannimo nan savann, tout zwazo k'ap vole nan syèl, tout pwason nan lanmè pral mouri.


Zannimo yo ap plenn, bann bèf yo pa konn kote pou yo ale. Yo pa jwenn anyen pou yo manje nan savann. Ata mouton yo ap soufri grangou.


Amòs di: — Senyè a rete sou mòn Siyon, l'ap gwonde. Li rete lavil Jerizalèm, li pale byen fò. Lamenm, savann mouton yo fennen. Zèb ki sou tèt mòn Kamèl la cheche.


Pye fig frans yo te mèt pa donnen, pye rezen yo te mèt pa bay rezen, rekòt oliv yo te mèt pa bon, jaden yo te mèt pa bay manje, mouton yo te mèt mouri nan sèka yo, bèf yo te mèt mouri nan pak yo,


Lè sa a, zanj Senyè a pran lapawòl, epi li di: — Senyè ki gen tout pouvwa, sa fè swasanndizan depi ou ankòlè sou lavil Jerizalèm ak sou lavil Jida yo. Kilè w'a resi gen pitye pou yo?


Wi, nou konn sa: jouk jòdi a, tout kreyasyon an ap plenn, l'ap soufri tankou yon fanm ki gen doulè tranche.


跟着我们:

广告


广告