Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 12:3 - 1998 Haïtienne

3 Men, ou menm Senyè, ou konn ki moun mwen ye, ou wè sa m'ap fè, ou wè jan m renmen ou. Pote mechan yo ale tankou mouton y'ap mennen labatwa! Kenbe yo la jouk lè a va rive pou yo touye yo!

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Men Ou konnen mwen, O SENYÈ. Ou wè mwen. Ou fè egzamen pou wè kè m vè Ou menm. Rale yo akote, tankou mouton k ap prale labatwa; mete yo apa pou jou gwo masak la.

参见章节 复制




Jeremi 12:3
23 交叉引用  

Li di: — Tanpri Senyè! Chonje jan mwen te sèvi ou ak tout kè mwen san m'pa vire do ba ou! Mwen te toujou fè sa ou vle mwen fè. Epi li kriye kont kriye li.


Mwen konnen, Bondye mwen, ou sonde kè tout moun, ou kontan ak moun ki mache dwat. Se poutèt sa, ak tout kè mwen, mwen ofri ou tout bagay sa yo. Kounyeya mwen wè jan pèp ou a ki sanble isit la, kontan pou yo pote ofrann pa yo pou ou tou ak tout kè yo.


Men, Bondye konnen tout ti vire tounen mwen. Si li sonde m, la wè m bon tankou bon lò ki pase nan dife.


Kit yo bon, kit yo mechan, Bondye ap gade sa y'ap fè. Li pa vle wè moun k'ap fè mechanste.


Sonde m, Bondye! Wè tou sa ki nan kè m! Fouye m! Wè tou sa ki nan lide m!


Ou mèt sonde kè m, ou mèt vin wè m nan mitan lannwit, ou mèt egzaminen m tout jan, ou p'ap jwenn okenn move lide nan kè m. Pawòl ki nan bouch mwen, se li ki nan kè m.


(1b) Fè m jistis, Senyè, paske m'ap viv yon jan ki san repwòch. Mwen mete tout konfyans mwen nan ou, mwen pa janm lage ou.


(10) Fè mechan yo sispann fè move bagay. Tanpri, bay moun ki mache dwat yo fòs. Ou se yon Bondye ki pa nan patipri: Ou konnen tout lide moun gen nan tèt yo ak tout santiman ki nan kè yo.


Lè sa a mwen di: — Ou menm, Senyè, ou konn tout bagay. Pa bliye m non! Vin pote m sekou! Tire revanj pou mwen sou moun k'ap pèsekite m yo! Pa al twò dousman ak yo pou yo pa gentan touye m. Chonje se poutèt ou y'ap joure m konsa!


Men, Senyè, mwen pat janm kole dèyè ou pou ou te voye malè sou yo! Mwen pat janm mande pou move tan tonbe sou yo! Senyè, ou konn sa! Se devan ou mwen te di tou sa m te di.


Se moun k'ap chache touye m yo ki pou wont. Pa mwen. Se yo ki pou gen kè kase. Pa mwen. Fè malè tonbe sou yo. Kraze yo an miyèt moso!


Senyè ki gen tout pouvwa a sonde tout moun san patipri. Li konnen sa ki nan kè yo ak sa ki nan tèt yo. Se pou m wè ou tire revanj ou sou yo, paske se nan men ou menm mwen renmèt kòz mwen.


Yo fini ak peyi Mowab. Yo anvayi tout lavil li yo. Yo ansasinen tout jenn gason ki pi bon lakay li yo. Se mwen menm Wa a, mwen menm yo rele Senyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa.


Touye tout sòlda li yo tankou bèf nan labatwa! Madichon pou moun Babilòn yo! Jòdi a, lè chatiman yo a rive!


Nan tout Babilòn, moun ap tonbe mouri. Nan tout lari, flèch ap pèse yo pakanpak.


Apre sa, li mande li yon twazyèm fwa: — Simon, pitit Jan, èske ou renmen mwen? Sa te fè Simon mal anpil lè li wè Jezi mande l' yon twzyèm fwa: Eske ou renmen mwen? Li reponn li: — Senyè, ou konn tout bagay. Ou konnen mwen renmen ou. Jezi di li: — Pran swen mouton mwen yo.


N'ap byen mennen, n'ap jwi sou latè. Nou tankou bèt k'ap gra pou labatwa.


Mesye sa yo menm, yo tankou bèt ki san konprann, k'ap viv dapre ensten yo epi ki la sou latè pou moun kenbe touye. Yo pale mal sou bagay yo pa konnen, yo gen pou yo peri menm jan ak bèt.


跟着我们:

广告


广告