Jeremi 11:7 - 1998 Haïtienne7 Paske, depi lè mwen t'ap fè zansèt nou yo sòti kite peyi Lejip jouk rive jòdi a, mwen pa manke avèti yo. Depi lè sa a m dèyè yo, m'ap mande yo pou yo koute sa m te di yo! 参见章节Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen7 ‘Paske Mwen te avèti papa zansèt pa w yo solanèlman nan jou ke M te mennen yo sòti nan peyi Égypte la, menm pou rive nan jou sila a, Mwen t ap avèti tout tan e t ap di: “Tande vwa Mwen”. 参见章节 |
Li di yo: — Se mwen menm ki Senyè a, Bondye nou an. Si nou koute m lè m pale nou, si nou fè tout sa ki dwat devan mwen, si nou louvri zòrèy nou pou swiv kòmandman mwen yo, pou nou kenbe lòd mwen ban nou, mwen p'ap voye malè sou nou, jan mwen te fè moun peyi Lejip yo. Se mwen menm, Senyè a, k'ap geri nou.