Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 11:6 - 1998 Haïtienne

6 Apre sa, Senyè a di m ankò: — Al repete tout pawòl sa yo byen fò nan zòrèy moun lavil peyi Jida yo, ak nan zòrèy moun nan tout lari lavil Jerizalèm. Di yo: Koute kondisyon ki nan kontra a. Fè tou sa ki ladan l.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Konsa, SENYÈ a te di mwen: “Pwoklame tout pawòl sa yo nan vil Juda yo ak nan lari Jérusalem yo, pou di: ‘Tande pawòl akò sa a pou fè yo.

参见章节 复制




Jeremi 11:6
13 交叉引用  

Li prete moun san mande enterè. Li p'ap pran lajan anba pou l bay manti sou moun ki inonsan. Moun ki fè bagay sa yo p'ap janm tonbe!


Senyè a di konsa: — Louvri gagann ou rele, rele mezi ou kapab! Fè vwa ou klewonnen ale lwen! Fè pèp mwen an konn krim li fè! Fè pitit pitit Jakòb yo konnen movezak yo fè!


W'a sòti lavil la, w'a pase nan Pòtay Kannari Kraze, bò Fon Benn Inon an. Lè w'a rive la, w'a pale byen fò pou di yo mesay m'a ba ou a.


— Ale non. Men mesay ou pral bay nan zòrèy tout moun lavil Jerizalèm. Men sa Senyè a di: Mwen chonje jan ou te ye nan tan lontan, jan ou t'ap mouri pou mwen lè ou te jenn, jan ou te renmen m lè nou te fenk marye. Ou te swiv mwen nan dezè a, kote anyen pa pouse.


Ale nan nò, w'a di moun peyi Izrayèl yo pou mwen: Nou menm moun peyi Izrayèl ki te vire do ban mwen, tounen vin jwenn mwen. Mwen gen kè sansib, mwen p'ap fache sou nou. Mwen p'ap fache sou nou pou tout tan. Se mwen menm, Senyè a, ki di sa.


— Al kanpe devan gwo pòtay kay Bondye a. Pale byen fò, epi di: Nou tout moun peyi Jida k'ap vini pase nan pòtay sa a pou n'al fè sèvis pou Senyè a, koute sa Senyè a voye di nou.


Se menm mesay sa a Senyè a te voye pwofèt tan lontan yo vin di nou. Lè sa a, lavil Jerizalèm te plen moun, zafè yo t'ap mache byen. Te plen moun ap viv nan ti bouk ki toutotou lavil la, nan zòn Negèv la ak nan plenn sou bò solèy kouche a.


Kounyeya nou konn bagay sa yo. Benediksyon pou nou si nou fè menm jan an tou.


Moun ki mache dwat devan Bondye, se pa moun k'ap tande lalwa a nan zòrèy yo sèlman, men se moun ki fè sa lalwa a mande.


Apre sa, Moyiz di pèp la: — Kounyeya, nou menm pèp Izrayèl, se pou nou kenbe tout lòd ak tout prensip mwen te moutre nou yo. Se pou nou mache dapre lòd sa yo pou nou ka viv, pou nou ka antre nan peyi Senyè a, Bondye zansèt nou yo, ap ban nou an.


Gade! Mwen te moutre nou tout lòd ak tout regleman, jan Senyè a, Bondye mwen an, te mande m fè l la, pou nou te ka viv dapre lòd sa yo nan peyi nou pral pran pou nou an.


Se pou nou fè tou sa pawòl la mande nou fè. Pa rete ap koute ase. Lè sa a, se pwòp tèt nou n'ap twonpe.


跟着我们:

广告


广告