Jeremi 11:4 - 1998 Haïtienne4 Se kontra sa a mwen te pase ak zansèt nou yo lè mwen t'ap fè yo sòti kite peyi Lejip, peyi ki te tankou yon gwo dife nan dèyè yo. Mwen te di yo: Se pou nou koute m, se pou nou fè tou sa mwen ban nou lòd fè. Se konsa, n'a yon pèp ki rele m pa m. Mwen menm, m'a sèl Bondye nou. 参见章节Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen4 ke Mwen te kòmande papa zansèt nou yo pou fè nan jou ke M te mennen yo sòti nan peyi Égypte la, soti nan founo fè a, lè M te di yo: ‘Koute vwa Mwen e fè selon tout sa ke Mwen kòmande nou. Konsa, nou va pèp Mwen e Mwen va Bondye nou,’ 参见章节 |
Yo pa pral avili tèt yo ankò nan fè sèvis pou zidòl, nan fè bagay derespektan devan Bondye, nan fè sa yo pat gendwa fè. M'ap delivre yo anba tout zidòl ki te fè yo vire do ban mwen an, ki te fè yo fè peche a. M'ap mete yo nan kondisyon pou yo ka sèvi m ankò. Y'ap tounen yon pèp ki rele m pa m. Mwen menm, m'ap Bondye yo.
Lè sa a, Samyèl di li konsa: — Dapre ou, kisa Senyè a pito? Yon moun k'ap boule bèt sakrifye pou li, yon moun k'ap fè tout lòt kalite sakrifis bèt pou li, osinon yon moun k'ap fè sa li di li fè tout bon? Konn sa tande! Pito yon moun fè sa Senyè a di li fè a pase pou li fè sakrifis bèt pou Bondye. Pito yon moun soumèt devan Bondye pase pou li ofri mouton byen gra bay Senyè a.