Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 11:16 - 1998 Haïtienne

16 Yon lè, mwen te rele yo: Bèl pye oliv mwen an, plen fèy, chaje donn. Men, kounyeya, m'ap vini ak yon bri loray, m'ap mete dife nan fèy li yo, m'ap kase tout branch li yo.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 SENYÈ a te bay ou non: “Bwa doliv, byen bèl ak anpil fwi”. Ak gwo bri, li te limen dife sou non sa a, e branch li yo te kase.

参见章节 复制




Jeremi 11:16
18 交叉引用  

Mechan yo pouse tankou move zèb nan solèy. Yo pran tout jaden an pou yo.


(10) Men, mwen tankou yon bèl pye oliv tou vèt nan kay Bondye a. M'ap toujou mete tout konfyans mwen nan li, paske li p'ap janm sispann renmen mwen.


(17) Lènmi nou yo mete dife ladan l, yo koupe tout branch li yo. Fè kòlè! Annik gade yo, y'a peri!


(18) Pwoteje peyi ou te fè tounen yon gwo peyi a! Pwoteje pèp ou te chwazi a!


(3) Men li! Lènmi ou yo ap revòlte. Moun ki pa vle wè ou yo ap leve dèyè ou!


Branch bwa yo cheche, yo kase. Medam yo ranmase yo pou fè dife. Paske pèp la pat konprann anyen, Bondye ki te kreye l la p'ap gen pitye pou li. Bondye ki te fè l la p'ap fè l gras.


Mwen te plante ou pou yon pye rezen bon kalite, ki soti nan bon bouti. Men koulyeya, gade jan ou chanje: Ou tounen yon vye pye rezen mawon, Mwen pa konn kote ou soti.


Men m'ap pini nou pou sa nou fè. M'ap mete dife nan gwo bèl kay bwa nou yo. Dife a pral boule tou sa ki bò kote yo. Se mwen menm Senyè a ki di sa.


Se poutèt sa, men sa mwen menm, Senyè ki gen tout pouvwa a, mwen di: Mwen pral pase gwo kòlè m ni sou Tanp lan, ni sou moun, ni sou bèt, ni sou pyebwa, ni sou rekòt yo. Kòlè mwen pral tankou yon dife pèsonn p'ap ka tenyen.


Yo pral boujounnen sou tout kò yo. Y'ap bèl tankou pye oliv. Y'ap santi bon tankou pye sèd peyi Liban.


Epitou, rach la tou pare pou koupe rasin pyebwa yo. Nenpòt pyebwa ki pa bay bon donn, yo pral koupe sa jete nan dife.


Moun ki pa fè yonn ak mwen, y'ap koupe l voye jete. L'ap cheche tankou yon branch bwa. Lè branch bwa yo cheche, yo ranmase yo, yo jete yo nan dife, yo boule yo.


Pye oliv va pouse toupatou nan peyi nou an, men nou p'ap gen yon ti degout lwil oliv, paske tout grenn oliv yo ap koule.


De temwen yo se de pye oliv ak de lanp ki kanpe la devan Mèt tout latè a.


跟着我们:

广告


广告