Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 11:12 - 1998 Haïtienne

12 Lè sa a, se pou moun peyi Jida yo ak moun ki rete lavil Jerizalèm yo al kriye nan pye bondye y'ap sèvi yo. Se pa pou yo yo te konn boule ofrann yo! Tansèlman, bondye sa yo p'ap ka sove yo lè malè a va rive sou yo.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Konsa, lavil a Juda ak pèp Jérusalem nan va ale kriye a lòt dye kote yo brile lansan an; men anverite, yo p ap sove yo nan tan gwo dezas yo.

参见章节 复制




Jeremi 11:12
10 交叉引用  

Pandan tout tan yo t'ap kraze l konsa a, nonm yo bay pou wa Akaz la t'ap donnen pi mal nan pa sèvi Senyè a.


Senyè a di ankò: — Sanble non! Sanble, moun lòt nasyon yo: Pwoche non! Pwoche devan tribinal la non, nou menm ki rive chape yo! Bann moun k'ap plede fè posesyon ak zidòl an bwa yo, k'ap lapriyè bondye ki pa ka delivre yo, yo pa konn anyen!


Yo leve l mete sou zepòl yo, yo pote l ale. Yo mete l kanpe yon kote, epi li rete la. Kote yo mete l la, li pa ka deplase. Yo mèt lapriyè nan pye l kont kò yo, li pa ka reponn! Li pa ka delivre yo lè yo nan tray.


Men, pèp mwen an bliye m. Y'ap boule lansan pou zidòl ki pa vo anyen. Kifè yo kite chemen pou yo te swiv la, chemen yo t'ap swiv depi nan tan lontan an, yo pran mache nan raje, kote ki pa gen chemen trase.


Men, nou menm moun Jida yo, kote bondye nou te fè pou nou yo? Lè nou nan traka, se yo ki pou leve vin delivre nou, si yo kapab! Moun Jida, nou gen yon bondye nan chak lavil nou yo!


Nou deyò pou nou fè m fache ak sa n'ap fè a, lè n'ap ofri lansan bay bondye lòt nasyon yo, isit la nan peyi Lejip kote nou vin viv la? Nou vle fini ak tèt nou pou tout nasyon sou latè ka pase nou nan betiz, pou yo pran non nou pou bay moun madichon?


Lè sa a, Senyè a va mande: — Kote bondye yo a, sa ki te konn pwoteje yo a? bondye yo te konn al jwenn pou pran defans yo a?


Se pa yo ki te konn manje grès bèt nou te konn ofri yo? Se pa yo ki te konn bwè diven nou te konn vide sou lotèl yo? Se pou yo vin kounyeya, se pou yo vin delivre nou! Se pou yo kouri vin pwoteje nou!


Ale kriye nan pye bondye nou te chwazi yo! Se yo ki pou sove nou lè nou nan ka!


跟着我们:

广告


广告