Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 11:11 - 1998 Haïtienne

11 Enben! Se mwen menm Senyè a k'ap pale: Mwen pral voye yon malè sou yo. Yo p'ap ka chape anba l. Y'a kriye nan pye m, mwen p'ap koute yo.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Pou sa, pale SENYÈ a: “Gade byen” Mwen ap mennen yon gwo dezas sou yo, ke yo p ap ka chape menm. Malgre yo kriye ban Mwen, Mwen p ap koute yo.

参见章节 复制




Jeremi 11:11
35 交叉引用  

Men mesay Senyè a voye ba li. Mwen pral voye yon malè sou lavil Jerizalèm ansanm ak sou tout moun li yo jan sa ekri nan liv wa Jida a te li a.


men mesay Senyè a voye ba li: Mwen pral voye yon malè sou lavil Jerizalèm ansanm ak sou tout moun li yo, jan sa ekri nan liv yo li pou wa peyi Jida a.


Se pou gremesi y'ap plede rele konsa. Bondye pa tande, li pa wè.


(42) Y'ap rele, y'ap mande sekou. Men, pa gen moun ki ka delivre yo! Y'ap rele Senyè a, men li pa reponn yo.


Si mwen te gen move lide nan tèt mwen, Senyè a pa ta koute sa m t'ap di l la.


le sa a, n'a rele m, mwen menm yo rele sajès, men mwen p'ap reponn nou. N'a mache chache m toupatou, men nou p'ap jwenn mwen.


Moun k'ap fè tèt di lè y'ap rale zòrèy yo, se moun k'ap rete konsa y'ap tonbe san yo pa ka leve ankò.


Lè n'ap leve bra anlè pou lapriyè nan pye mwen, m'ap bouche je mwen pou mwen pa wè nou. Nou mèt lapriyè sou lapriyè, mwen p'ap tande nou kras. Paske tout men nou se san.


Nou menm ki rete sou latè, se kè sere, se gwo twou, se pèlen ki pare pou nou!


Ou menm, Jeremi, ou pa bezwen vin plede pou moun sa yo. Ou pa bezwen plenyen pou yo, ni ou pa bezwen lapriyè pou yo. Paske y'a rele nan pye m lè malè a va rive sou yo, mwen p'ap tande yo.


Se mwen menm Senyè ki gen tout pouvwa a ki te plante pèp Izrayèl la ansanm ak pèp Jida a. Men kounyeya, mwen pran desizyon pou m voye malè sou yo. Se yo menm ki chache l avèk tou sa yo fè ki mal: Se yo ki fè m fache paske y'al boule ofrann pou Baal!


Yo te mèt boule bèt pou mwen ak rekòt jaden yo, sa p'ap ka fè mwen kontan ak yo. Okontrè mwen pral fè yo mouri nan lagè, nan grangou ak anba maladi.


— Peyi Jida nan gwo lapenn, lavil li yo ap depafini. Tout moun kouche atè ap plenn. Nan lavil Jerizalèm moun ap rele anmwe!


Lè y'a mande ou kote pou yo ale, w'a di yo: Men sa Senyè a di: Sa ki la pou mouri anba maladi pral mouri anba maladi! Sa ki la pou mouri nan lagè pral mouri nan lagè! Sa ki la pou mouri grangou pral mouri grangou! Sa ki la pou depòte, yo pral depòte yo!


Bon! Kounyeya, ou pral pale ak moun peyi Jida yo ansanm ak moun lavil Jerizalèm yo. Men sa Senyè a voye di yo: M'ap pare yon malè pou nou. Mwen fè lide pini nou. Se pou nou chanje, se pou nou kite move pant n'ap swiv la. Chache viv pi byen, manyè sispann fè sa ki mal.


— Men pawòl Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la: Mwen pral voye sou lavil sa a ansanm ak tout ti bouk ki sou kont li yo, tout chatiman mwen te di m'ap voye yo, paske yo fè tèt di, yo pa vle koute sa m di yo.


Men sa w'a di yo: — Nou menm wa peyi Jida yo, ansanm ak tout moun ki rete lavil Jerizalèm yo, koute mesay Senyè a. Men sa Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Mwen pral mennen yon sèl malè isit la. Lè moun va pran nouvèl la, yo p'ap vle kwè zòrèy yo.


Enben, chemen yo pran an pral tankou yon tè glise nan fènwa pou yo. Yo pral pèdi wout yo, yo pral tonbe. Mwen pral voye yon sèl malè sou yo lè lè a va rive pou m pini yo. Se mwen menm, Senyè a, ki di sa.


P'ap gen kote pou chèf yo al kache. P'ap gen kote pou moun ki reskonsab pran swen pèp la ka ale pou yo jwenn pwoteksyon.


Se poutèt sa, men sa mwen menm, Senyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, mwen di nou: Mwen pral voye sou moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm yo malè mwen te di m'ap voye a. Paske mwen te pale nou, nou pa koute m. Mwen rele nou, nou pa reponn mwen.


M'ap pini yo, ni li menm ni pitit li yo, ni chèf li yo pou tou sa yo fè ki mal. Ni yo, ni moun lavil Jerizalèm yo, ni moun peyi Jida yo pat koute m lè mwen t'ap avèti yo. M'ap voye sou yo malè mwen te di m'ap voye a.


Ou menm latè, koute. Mwen pral fè malè tonbe sou pèp sa a. Se yo ki chache l ak vye lide yo gen nan tèt yo. Yo pa vle koute sa m'ap di yo, yo pa okipe lalwa mwen ba yo a.


Ou fè moun k'ap simen latèrè soti toupatou. Yo vin danse, yo vin fete sou do mwen. Lè Senyè a ankòlè, li pa egzante pesonn. Tout moun gen pou pase. Lènmi yo touye ata timoun mwen renmen yo, timoun mwen leve yo.


— Ras Adan! Moun sa yo lage kò yo bay zidòl nèt. Yo kite zidòl pran nanm yo pou fè yo sa ki mal. Yo met nan tèt yo mwen pral kite yo vin mande mwen konsèy?


Men sa Senyè a, Bondye sèl Mèt la, di ankò: — Malè sou malè pral tonbe sou nou.


Mwen menm tou mwen pral fè yo santi jan mwen move sou yo. Yo mèt rele byen fò nan zòrèy mwen. Mwen p'ap tande yo. Mwen p'ap gen pitye pou yo. Yo mèt rele jan yo vle nan zòrèy mwen, mwen p'ap pran priyè.


Se va tankou yon nonm k'ap kouri pou lapli, epi li tonbe larivyè. Ou ankò, tankou yon moun ki rive lakay li, li mete men l sou panno kay la, epi yon krab zarenyen mode l.


Men, yon jou va rive, lè sa a n'a kriye nan pye Senyè a, men li p'ap reponn nou. Li p'ap tande sa n'ap di nan lapriyè nou yo, paske nou fè bagay ki mal.


Sa ki rive lè sa a? Menm jan yo pat koute l lè li t'ap pale ak yo a, li menm tou, li pat reponn yo lè yo te lapriyè nan pye l.


Lè n'ap tande moun ap di: Gen lapè toupatou, tout bagay byen sou kontwòl, se lè sa a, san nou pa atann, n'ap wè kòlè Bondye a tonbe sou yo pou detwi yo. Se tankou lè doulè tranche sezi yon fanm ansent. P'ap gen chape pou yo.


Pitit sa a reflete limyè bèl pouvwa Bondye a, se bon pòtre Bondye li ye. Se li menm k'ap soutni tout bagay ak pouvwa pawòl li. Lè li fin delivre moun anba peche yo, li moute chita anwo nan syèl la, sou bò dwat Bondye, Gran Wa a.


跟着我们:

广告


广告