Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 11:10 - 1998 Haïtienne

10 Yo tonbe ankò nan menm peche ak zansèt yo ki te refize koute sa m t'ap di yo. Yo menm tou, yo kouri dèyè lòt bondye pou fè sèvis pou yo. Ni moun peyi Izrayèl yo, ni moun peyi Jida yo pa kenbe kontra mwen te pase ak zansèt yo a.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Yo te vire retounen vè inikite a papa zansèt yo, ki te refize tande pawòl Mwen yo. Yo te ale dèyè lòt dye pou sèvi yo. Lakay Israël ak lakay Juda te kraze akò ke M te fè ak papa zansèt yo.”

参见章节 复制




Jeremi 11:10
36 交叉引用  

Yo pa kenbe pawòl yo. Yo vire do ba li tankou zansèt yo te fè. Yo pati sou move pye, yo mal derape.


Moun yo pa respekte peyi Bondye a. Yo pa koute lòd Bondye ba yo. Yo derefize fè sa l te mande yo fè a, yo derefize obeyi kòmandman Bondye yo. Yo pa kenbe kontra li te fè ak yo pou tout tan an.


Moun sa yo se move moun yo ye. Yo refize koute m lè m pale yo. Yo fè tèt di, yo fè tout vye lide ki vin nan tèt yo. Y'al dèyè lòt bondye, yo fè sèvis pou yo, yo adore yo. Se konsa y'ap tounen tankou sentiwon lenn lan ki pa bon pou anyen ankò.


Men zansèt nou yo pat koute m, yo pa okipe sa m te di yo a. Yo fè tèt di. Yo pa obeyi m. Yo derefize fè sa m te di yo fè.


Lèfini y'a reponn: Se paske yo pa te kenbe kontra Senyè Bondye yo a te pase ak yo, y'ale adore lòt bondye, yo fè sèvis pou yo.


Se p'ap tankou kontra mwen te pase avèk zansèt yo a lè m te pran men yo pou m te fè yo sòti kite peyi Lejip. Atout se mwen ki te mèt yo, yo pat kenbe kontra mwen an. Se mwen menm Senyè a ki di sa!


— Nou p'ap koute pawòl w'ap di nou la a, atout ou pale nan non Senyè a.


Men yo pat koute m. Pawòl la antre nan yon zòrèy li sòti nan yon lòt. Yo derefize chanje. Yo donnen pi mal nan fè mechanste yo, nan ofri lansan bay bondye lòt nasyon yo.


W'a di yo: se yon nasyon ki pa koute sa Senyè a ap di yo yo ye. Malgre Bondye pini yo, yo pa chanje. Pèsonn pa kenbe pawòl yo ak li. Yo pa pale sou sa menm ankò.


Y'ap fè britalite sou britalite. Y'ap twonpe moun yonn dèyè lòt. Yo derefize rekonèt mwen. Se Senyè a menm ki di sa.


Senyè a pale ak lavil Jerizalèm, li di l konsa: — Mwen pral boule avè ou jan ou merite l la, paske ou pa ka kenbe pawòl ou, ou kase kontra a.


Yo derespekte Tanp mwen an, yo kite moun lòt nasyon ki pa pote mak kontra mwen an nan kò yo, ni ki pa sòti pou fè volonte m, antre nan Tanp lan lè y'ap ofri grès ak san bèt yo touye pou mwen yo. Se konsa yo kase kontra mwen te pase ak yo a. Yo fè yon bann vye bagay derespektan ki pa fè m plezi.


Men, Jerizalèm revolte kont kòmandman ak lòd mwen yo. Li fè pi mal pase lòt nasyon ki bò kote l yo. Moun li yo derefize swiv prensip mwen te ba yo. Yo pa fè sa m te ba yo lòd fè a.


Senyè a di: — Nou menm moun Efrayim, kisa pou m fè ak nou? Nou menm moun Jida, kisa pou m fè ak nou? Nou renmen m, se vre. Men se pou yon ti tan. Ou ta di yon ti nyaj ki pase anvan solèy leve. Wi, tankou lawouze ki disparèt anvan solèy fin leve.


Men, yo menm, rive yo rive Adam, yo pa kenbe kontra mwen te pase ak yo a. Lamenm, yo vire do ban mwen, yo pa kenbe pawòl yo.


Yo vire do ban mwen pou y'al dèyè lòt bondye. Yo tankou yon banza ki pa ka sèvi ankò. Chèf yo ap pale ak twòp awogans. Se poutèt sa, yo pral mouri nan lagè. Lè sa a, moun peyi Lejip yo pral pase yo nan kont rizib yo.


Si nou meprize lòd mwen yo, si nou voye kòmandman mwen yo jete, si nou pa fè tou sa mwen mande nou fè, si nou pa kenbe kontra m pase ak nou an,


M'ap detwi tout moun ki vire do ban mwen, ki pa koute pawòl mwen yo, ki pa vin mande m konsèy ankò.


Pa fè tankou zansèt nou yo. Nan tan lontan pwofèt yo te ba yo mesay mwen. Yo te di yo: Men sa Senyè a di nou: Kite move chemen n'ap swiv la. Sispann fè sa ki mal. Men, yo pat koute m, yo fè tankou se pa avè yo m t'ap pale. Se vre wi sa m'ap di la a.


Men, yo te derefize koute m. Yo t'ap fè wondonmon. Yo bouche zòrèy yo pou yo pa tande.


Sa ki rive lè sa a? Menm jan yo pat koute l lè li t'ap pale ak yo a, li menm tou, li pat reponn yo lè yo te lapriyè nan pye l.


Senyè a di Moyiz: — Ou pral mouri. Ou pa lwen al jwenn zansèt ou yo ki mouri deja. Men, apre ou fin mouri, pèp la pral leve, yo pral vire do ban mwen pou y'al kouri dèyè lòt bondye y'ap sèvi nan peyi lòt nasyon kote nou pral antre a. Wi, yo pral lage m, yo pral kase kontra m te pase avèk yo a.


Pa janm bliye jan ou te fè Senyè a, Bondye nou an, fache anpil nan dezè a. Depi lè nou te sòti nan peyi Lejip jouk nou rive isit la, n'ap fè wòklò devan Senyè a.


Bondye di ankò: Se p'ap yon kontra tankou kontra mwen te fè avèk zansèt yo a, lè m te pran men yo pou m te fè yo sòti kite peyi Lejip la. Yo pat fè tou sa yo te dwe fè dapre kontra mwen te fè ak yo a. Se poutèt sa, mwen pat okipe yo tou.


Moun pèp Izrayèl yo lage kò yo nan fè sa ki mal nan je Senyè a. Y'al sèvi Baal yo.


Men, menm chèf sa yo, yo pat koute yo. Yo vire do bay Senyè a, y'al dèyè lòt bondye, yo fè sèvis pou yo. Yo te toujou prese kite chemen dwat kote zansèt yo t'ap mache lè yo t'ap swiv lòd Senyè a. Yo pat koute lòd Senyè a.


Men, mouri chèf la mouri, pitit yo te rekonmanse lage kò yo nan menm vye bagay yo ankò pi mal pase papa yo. Y'al dèyè lòt bondye, yo fè sèvis pou yo, yo adore yo. Yo t'ap fè tèt di, yo derefize sispann fè bagay sa yo.


— Mwen regrèt mwen te fè Sayil wa. Li vire do ban mwen. Li pa fè sa mwen ba li lòd fè. Samyèl pat kontan, li fè tout nwit lan ap lapriyè nan pye Senyè a.


跟着我们:

广告


广告