Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 10:9 - 1998 Haïtienne

9 Ajan an, se nan peyi Tasis li sòti an fèy plat. Lò a sòti nan peyi Oufaz. Tou sa se travay bòs atizan ak bòs fòjon. Yo pran twal vyolèt ak twal wouj pou fè rad mete sou zidòl yo. Sa tou, se atizan ki fè yo ak men.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Ajan byen bat pote soti Tarsis ak lò ki sòti Uphaz, travay a yon atizan e men a yon òfèv. Vètman yo an vyolèt e mov; tout se zèv a ouvriye byen fò.

参见章节 复制




Jeremi 10:9
12 交叉引用  

Li te gen kantite batiman pa l ki t'ap vwayaje toupatou sou lanmè ansanm ak batiman Iram yo. Chak twazan, batiman yo tounen, yo pote lò, ajan, kòn elefan, pan ak makak.


Li te gen yon kantite batiman pa l ki t'ap vwayaje ale nan peyi Tasis. Se moun Iram yo ki te mennen yo pou li. Chak twazan, batiman yo te tounen chaje ak lò, ajan, kòn elefan, pan ak makak.


Zidòl pa yo, se bagay ki fèt ak ajan ak lò. Se moun ki fè yo ak men yo.


Wa peyi Tasis ak wa zile yo va vin ofri l kado. Wa peyi Saba ak wa peyi Seba va pote kado ba li.


Nou menm moun peyi Fenisi, moun lakòt, travèse lòt bò lanmè. Al nan peyi Tasis. Nou mèt plenn sò nou!


Bòs atizan an pran yon moul pou fè yon estati. Ofèv la kouvri estati a nèt ak lò. Li fonn ajan pou soude l nan plas li.


Moun lavil Tasis nan peyi Lespay vin fè kòmès ak ou, paske ou te gen tout kalite bèl bagay an kantite. Yo vann ou ajan, fè, fèblan ak plon pou yo te ka achte machandiz ou yo.


Vwal batiman an te fèt ak bèl twal fen blan bwode ki sòti peyi Lejip. Se te drapo pa nou sa! Kabin sou pon an te kouvri ak bèl twal vyolèt, bèl twal wouj ki sòti nan lil Elicha.


Mwen leve je m, mwen wè yon moun ki te gen rad swa sou li ak yon sentiwon fèt ak bon lò mare nan ren l.


Se yon atizan peyi Izrayèl ki te fè zidòl la. Zidòl sa a, se pa ka yon bondye li ye. Estati towo bèf moun Samari yo, m'ap kraze l an miyèt moso.


Men lè sa a, li pati nan direksyon Tasis, paske li t'ap kouri pou Senyè a. Li desann lavil Jope. Rive la, li jwenn yon batiman ki t'ap pare vwayaje Tasis. Li peye. Li anbake abò ak maren yo. Li jete kò li Tasis paske li t'ap kouri pou Senyè a.


Madichon pou moun k'ap pale ak yon bout bwa, epi k'ap di l: Leve non! Madichon pou moun k'ap pale ak yon moso wòch ki pa gen lapawòl, epi k'ap di l: Kanpe non! Eske bout bwa ak moso wòch ka di ou anyen? Ou kouvri yo avèk plak lò ak plak ajan, se vre. Men yo pa gen lavi.


跟着我们:

广告


广告