Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 10:8 - 1998 Haïtienne

8 Yo tout se yon bann egare san konprann. Kisa zidòl bwa yo ka moutre yo pase sa?

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Men yo tout ansanm se ensanse e plen ak foli; instwi pa zidòl yo——se bwa yo ye!

参见章节 复制




Jeremi 10:8
16 交叉引用  

Moun ki fè zidòl yo ansanm ak tout moun ki mete konfyans yo nan yo, se pou yo tounen tankou yo.


Moun ki fè zidòl yo ansanm ak tout moun ki mete konfyans yo nan yo, se pou yo tounen tankou yo.


Tout bondye sa yo pa vo anyen. Yo pa kapab fè anyen menm. Estati zidòl yo, se van. Yo pa vo anyen.


Moun sa yo pa konn anyen, yo pa konprann anyen, paske je yo bouche, yo pa ka wè. Lespri yo bouche, yo pa konprann anyen.


Moun k'ap fè zidòl yo pa reflechi, yo pa konn anyen, yo pa konprann pou yo ta di: mwen boule mwatye bwa a nan dife. Mwen pare manje sou chabon dife a. Mwen boukannen vyann pou m' manje. Avèk rès bwa a, mwen fè yon bagay pou avili mwen, mwen fè yon zidòl. M'ap adore bout bwa!


Lè konsa tout moun rete egare, yo pa konprann anyen. Moun k'ap fè zidòl yo wont sa yo fè a, paske bondye yo fè yo se fo bondye yo ye, yo pa gen lavi nan yo.


Yo rele pyebwa yo papa! Yo rele wòch yo manman m' ki fè m'! Wi, yo pito vire ban m' do, pase pou yo tounen vin jwenn mwen. Men depi yo nan traka, y'ap rele: — Senyè, leve non! Vin delivre nou!


Li pat wont. Li avili tout peyi a avèk lenkondit li. L'al fè sèvis pou wòch ak pyebwa.


Senyè a di konsa: Pèp mwen an sòt! Yo pa konnen m! Se yon bann timoun, lespri yo bouche! Yo pa konprann anyen! Yo fò nan fè sa ki mal ase. Yo pa konn fè sa ki byen.


Mwen di nan kè mwen: Se yon bann bègwè ki pa konprann anyen. Yo aji kou moun fou. Paske yo pa konnen ni sa Senyè a mande yo fè, ni sa Bondye vle yo fè.


Se yon moso bwa y'al mande sa pou yo fè! Se yon bout bwa ki pou di yo sa yo bezwen konnen! Yo tankou yon fanm marye ki lage kò l nan fè jennès, yo pèdi tèt yo. Y'ap kouri dèyè lòt bondye, y'ap twonpe Senyè a!


Moun k'ap sèvi zidòl ki pa vo anyen yo, se moun ki vire do bay Bondye ki bay favè a.


Kisa yon estati bwa ka fè pou nou jouktan nou fè moun travay fè li pou nou an? Kisa estati metal yo fonn yo ka fè pou nou? Se manti ase l'ap ban nou. Sa sa ap rapòte nou lè nou fè zidòl lè nou fè zidòl ki pa ka pale pou nou mete konfyans nou nan yo?


Moun k'ap bat kat yo, se twonpe y'ap twonpe moun. Divinò yo menm, se manti y'ap bay. Rèv yo fè pa vle di anyen. Moun yo mete espwa yo nan bagay ki p'ap janm rive. Moun yo pèdi tèt yo tankou mouton ki pèdi bann. Yo nan traka, paske pa gen chèf pou mennen yo.


跟着我们:

广告


广告