Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 10:7 - 1998 Haïtienne

7 Ou se wa tout nasyon. Ki moun ki pa ta gen krentif pou ou! Nan tout moun lespri ki sou latè, nan tout chèf yo, pa gen tankou ou!

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Se kilès ki pa ta krent Ou, O Wa a nasyon yo? Anverite, se sa Ou merite! Paske pami tout moun saj nan nasyon yo, ak nan tout wayòm yo, nanpwen okenn tankou Ou.

参见章节 复制




Jeremi 10:7
28 交叉引用  

Se mwen menm ase, Senyè a, Bondye nou an, pou nou sèvi, m'a delivre nou anba men lènmi nou yo.


Senyè a gen gwo pouvwa. Li merite pou yo fè lwanj li vre. Se pou tout moun pè l pi plis pase lòt bondye yo.


Se te lakoutim lè sa a. Chak fwa wa a te gen yon bagay pou li regle, li toujou pran konsèy nan men moun ki konnen sa ki dwat ak sa lalwa mande. Se konsa, wa a fè chache konseye li yo pou yo di li sa pou li fè.


Senyè nou an gen pouvwa. Li gen anpil fòs. Konesans li pa gen limit.


(29) Se Senyè a ki wa. Se li ki donminen sou tout nasyon.


(4) Li fè nou donminen sou anpil pèp, li mete anpil nasyon sou zòd nou.


Wa tout lòt peyi yo va soumèt devan li. Tout lòt peyi yo va sèvi l.


(8) Men ou menm, ou fè moun respekte ou! Kilès ki ka rete kanpe devan ou lè ou an kòlè?


Senyè, nan tout bondye yo, pa gen tankou ou! Pa gen yonn ki ka fè sa ou menm ou fè!


Tout nasyon ou te fè yo va vin bese tèt devan ou! Y'a fè lwanj ou,


(7) Senyè, pa gen tankou ou nan syèl la! Pa gen bondye ki ka wè avè ou!


Farawon an reponn: — W'a fè sa denmen. Moyiz di li: — Sa va pase jan ou di l la, pou ou sa konnen pa gen Bondye tankou Senyè a, Bondye nou an.


Paske, fwa sa a, mwen pral voye tout kalite malè mwen konn fè yo sou ou menm menm, sou moun pa ou yo ak sou tout pèp ou a. Konsa, w'a konnen pa gen tankou m sou tout latè.


L'ap regle tout kont nasyon yo gen yonn ak lòt. L'ap jije tout gwo peyi yo. Y'a pran mato, y'a fè zam yo tounen zouti pou travay tè. Y'a fè nepe yo tounen kouto digo. Nasyon yo p'ap fè lagè yonn ak lòt ankò. Yo p'ap janm aprann fè lagè ankò.


Senyè, pa gen tankou ou! Ou gen pouvwa. Yo respekte ou pou sa ou fè.


Se Senyè a k'ap pale ak nou: Poukisa nou pa gen krentif pou mwen? Se mwen menm ki mete sab pou sèvi limit pou lanmè a, yon limit k'ap la pou tout tan, yon limit li p'ap ka janm depase. Lanm lanmè yo mèt move, yo p'ap ka fè anyen. Lanmè a te mèt gwonde, li p'ap ka janm depase l.


Danyèl reponn: — Monwa, pa gen nèg save, pa gen divinò, pa gen majisyen, ata moun ki konn li zetwal, ki ka fè ou konnen sa.


Men, gen yon Bondye nan syèl la ki devwale tout sekrè ki kache. Se li k'ap fè ou konnen sa ki gen pou rive pita. Men rèv ou te fè a, men vizyon ou te wè pandan ou t'ap dòmi an.


Senyè! Mwen tande tou sa ou te di. M sezi, m'ap tranble nan tout kò m. Senyè, gwo mèvèy ou te konn fè nan tan lontan yo, kounyeya, fè nou wè yo nan lanne k'ap vini yo. Menm lè ou fache, pa bliye gen pitye pou nou!


Lè sa a, anpil nasyon va vin jwenn Senyè a pou yo sèvi l. Se pèp pa li menm y'ap ye. L'a vin rete nan mitan yo. Lè sa a, n'a konnen se Senyè ki gen tout pouvwa a ki te voye m kote nou.


Toupatou sou latè, depi sou solèy leve jouk sou solèy kouche, moun lòt nasyon yo ap di jan mwen gen pouvwa. Toupatou y'ap boule lansan pou mwen, y'ap ofri bon bagay pou sèvis mwen. Paske moun toupatou respekte m'. Se Senyè ki gen tout pouvwa a ki di sa.


M'ap moutre nou moun pou nou pè a: Se Bondye pou nou pè. Lè Bondye fin touye, li gen pouvwa pou l jete nan lanfè apre sa. Wi, mwen di nou se li menm pou nou pè.


pou nou menm, se yon sèl Bondye a ki genyen: se Papa a ki kreye tout bagay epi se pou li n'ap viv. Pou nou menm, se yon sèl Mèt ki genyen: se Jezikri, se nan li tout bagay sòti, se li k'ap fè nou viv tou.


Se poutèt sa, tout moun sou latè va konnen jan Senyè a gen pouvwa, lèfini nou menm n'a toujou gen krentif pou Senyè a, Bondye nou an.


Apre sa, setyèm zanj lan kònen klewon l lan. Mwen tande vwa yon bann moun ki t'ap pale byen fò nan syèl la. Yo t'ap di: — Pouvwa pou gouvènen sou latè a, kounyeya se nan men Mèt nou an ak nan men Kris li a sa ye. L'ap gouvènen pou tout tan.


Ki moun ki pa ta gen krentif pou ou, Mèt? Ki moun ki pou ta refize fè lwanj ou? Se ou menm sèl ki sen. Tout nasyon yo gen pou vini pou yo bese tèt yo devan ou, pou yo adore ou. Paske, yo wè aklè sa ou fè se bagay ki dwat.


跟着我们:

广告


广告